Accessibility links

Breaking News

Etazuni, Salvador Ranpòte la Viktwa


Football

Etazuni te bezwen yon bout gòl pou l kale Gwatemala 1 a 0 nan tounwa koup dò KONKAKAF la nan Kalifòni. Se Clint Dempsey ki make gòl pou ameriken yo. Nan 2 zièm rankont sware a. Salvador remonte yon defisi pou l kale Trinidad and Tobago 2 a 1. Jodi a tounwa a ap rapousib bab New York kote Meksik ap rankontre ak Kuba epi Panama kont Honduras.

Demen Samdi an nan Miami Ayiti kont Kosta Rika epi Kanada kont Gwadeloup.

Unyon Football Eropeyen akòde la Swèd yon viktwa 3 a 0 sou Danmak apre yon fanatik te monte sou teren an epi atake abit la ki te fòse abandone rankont la. Responsab yo pase lòd pou Danmak pou l jwe 4 pwochen rankont a domisil yo sou yon distans 250 kilomèt pou pipiti ak Kopenhav epi yon amand 81 mil dola. Komite disiplinè Unyon football Eropeyen suspann Christian Poulsen pou l pa jwe 3 match entènasyonal afile pou tèt li te pouse atakan Swedwa Markus Rosenberg. Apre desizyon an la Swèd pran tèt group F la ak 18 pwen swa 3 pwen devan Espay epi Danmak klase 4 trièm ak 8 pwen.

Basketball

San Antonio Spurs ranpòte premye viktwa l fas a Cleveland Cavaliers 85 a 76 nan kad seri final pou detèmine chanpyon nasyonal pou sezon 2007 la. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch toujou lakay San Antonio avan seri deplase lakay Cleveland Madi.

Pou yon 4 trièm ane afile responsab yo nan NBA a bat bravo lakontantman apre yon vann plis pase 23 milyon tikè pandan sezon an. Tennis Roland Garos.

Tennis

Swis Roger Federer kalifye pou final tounwa tenis Roland Garos la apre li elimine Rus Nikolay Davidenko 7-5, 7-6, 7-6 nan yon rankont difisil pou Swis la. Federer ap rankontre nan final la kont venkè rankont kap jwe ant Espayol̀Rafael Nadal ak Sèb Novak Djokovic.

XS
SM
MD
LG