Prezidan George W. Bush fè yon rankont ak Chanselye alman an, madam Anngela Merkel, jodi a nan vil vakans Heiligendamm, bò lanmè Baltik la, kote somè anyèl Gwoup 8 la, pral inogire aswè a. Veritab diskisyon yo ap tanmen demen jedi a. Madam Merkel ta renmen pou 8 gwo nasyon endistriyalize nan lemond yo dakò pou yo redui gaz ki lakòz tanperati planèt la ap ogmante, e l’ta renmen rediksyon sa a rive nan 50-pousan disi lane 2050.
Sepandan, yon responsab nan administrasyon Bush la ensiste sou lefèt ke Etazini pap aksepte okenn kalandriye ni echeyans, sou kesyon rechofman planèt la, nan somè G-8 la. Semèn pase a, prezidan Bush te lanse yon apèl bay 15 peyi ki pwodui plis gaz ki rechofe planèt la pou yo fikse yon objektif, disi fen ane 2008, pou redui kantite gaz sa yo.
Koute repòtaj sa a an detay: fè klik sou ralonj ki anlè foto Prezidan Bush la.