Accessibility links

Breaking News

OEA Mande FIFA Reflechi Avan li Entèdi Match Jwe an Altitud


Football

Òganizasyon Eta ameriken yo mande FIFA pou l rekonsidere desizyon li pran pou l entèdi match entènasyomnal dewoule nan wotè ki pa depase 8, 200 pye ou byen 2, 500 mèt--yon desizyon ki afekte peyi Anden yo tankou Perou, Bolivi, Ekwatè ak Kolonbi FIFA te deklare se pou rezon sante li pran desizyon an ki tonbe anba anpil kritik peyi konsène yo.

7 tièm jounen elimintwa Ero 2008 la ap demare jodi a ak Espay ak Angletè trouve yo nan yon situasyon kote yo bezwen yon viktwa pou rete anvi nan konpetisyon an. Espay klase 3 zièm nan group F la dèyè Irland ak la Swèd nan moman yap jwe an deplasman lakay Liechtenstein apre viktwat 2 a 0 yo sot ranpòte devan Letoni Samdi. Irland du nò gen pou l jwe jusk pandan mwa Out la aloske la Swèd ap tann dezisyon komitè disiplinè UEFA a sou ensidan kite pase pandan yo tap rankontre Danmak. Abit la te abandone rankont la apre yon fanatik te monte sou teren an epi pase abit la kèk do men. La Swèd ap jwe an deplasman lakay Island epi Danmak pral lakay Letoni.

Angletè, ki klase 4 trièm dèyè Kwasi, Izrayel ak la Rusi, bezwen yon viktwa lè yap rankontre Estoni si yo vle byen pozisyone nan group E a. Jodi a Kwasi ap rankontre la Rusi nan vil Zagrèb pandan ke Izrayèl ap vizite Andòr. Nan group B a Itali ap jwe an deplasman lakay Lituani.

La Frans ap akeyi Jòrji nan vil Oksèr epi Ekòs kont Zile Feroe yo. Nan group A a la Polòy prale lakay Armeni pandan ke Findland ap akeyi Bèljik. Nan group G a Belarus ap jwe kont Bulgari epi Woumani kont Sloveni. 2 premye nan chak group yo ap kalifye ansanm ak òganizatè konpetisyon an la Swis ak Otruch.

Se jodi a Koup dò KONKAKAF la ap demare nan Miami ak patisipasyon 12 peyi nan rejyon an. Nan stad Orange Bowl la, Ayiti ap rankontre Gwadeloup epi Kanada kont Kosta Rika. Venkè konpetisyon an ap kalifye pou reprezante rejyon an nan Koup Konfederasyon an an Afrik du Sud.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini defann fanatik Liverpool yo ke yo kalifye kòm pi move machann dezagreman ki ekziste sou kontinan an. Sepandan yon manb òganizasyon di fanatik yo Liverpool yo responsab 25 ensidan ki rive nan aktivite football kontinan an.

Chanpyon Turk Fenerbahce fè konnen jodi a yo siyen yo kontra ak Roberto Carlos kap jwe nan Real Madrid. Antrenè

seleksyon espayòl la Luis Aragones anonse entansyonn pou l demisyone apre koup dEròp dè Nasyon 2008 la. Responsab Milan AC yo pa kache entansyon yo sou posibilite pou yo achete sèvis footbalè Kamerounè Samuel Eto’o pandan sezon été a. Eto’o ap jwe nan FC Barselòn. Milanè yo ta renmen jwen sèvis Brezilyen Emerson kap jwe nan Real Madrid.

Footbalè Japonè Naohiro Takahara fè konnen antre Ostrali nan federasyon football Azyatik la rann li difisil pou yo ranpòte yon 3 zièm tit afile. Deklarasyon sa a fèt apre match nul 0 a 0 Japon fè ak Kolonbi yè Madi a Ostrali te elimine Japon depi nan premye tou koup du mond Almay 2006 la.

Brezil fè match nul 0 a 0 ak Turki nan kad yon match chofe jarèt ki dewoule nan Dortmund an Almay. Antrenè Brezil la Dunga prezante yon fòmasyon diferan konpoze ak jè n talan kontrèman ak fòmasyon ki te fè match nul 1 a 1 ak Angletè. Turk yo vinn jwe rankont la apre yo subi yon rakle 3 a2 nan men Bosni-Herzegovin nan kad match kalifikatif koup dEròp dè Nasyon 2008 pou group C a. Brezil sèvi ak rankont la nan kad preparatif pou Kopa Amerika a ki gen pou dewoule O Venezuela.

An match amikal entènasyonal Paragwe kale Meksiko 1 a 0 nan kad preparatif 2 seleksyon yo ap fè pou koup dò KONKAKAF la ak Kopa Amerika a. Chili kale Jamayik 1 a 0. Arjantin danse sou Aljeri 4 a 3 nan yon match gason pa kanpe.

Klub football grèk Panathinaikos siyen yon kontra 2 zan ak Pötugè Jose Peseiro apre yo revoke antrenè espayòl Victor Munoz. Panathinaikos pral patisipe nan koup UEFA a akoz yo pa kalifye pou chanpyona Lig dè chanyon Eropeyen an. Nouvo antrenèa ki te nan tèt Sporting Lisbòn, pran angajman pou l ede ekip la ranpòte plizyè tit pandan li nan pòs la.

Relè tòch je Panameriken yo kòmanse nan Santa Cruz Cabralia kote kolon Pòtugè yo te debake an 1500. Tòch la ki te limen nan yon piramid Meksiken ap travèse 51 vil avan li rive nan stad Marakana a kote seremoni je Panameriken yo ap dewoule le13 Juyè. Plis pase 5 mil atlèt kap soti nan 42 peyi nan Amerik yo ak Karayib la ap patisipe nan je nan vil Rio de Janeiro e kap tèmine 29 Juyè.

Tennis

Espayòl Rafael Nadal kale konpatriòt li Carlos Moya pou l kalifye nan semi final tounwa tenis Ronland Garos kap dewoule nan vil Pari an Frans 6-4, 6-3, 6-0. Nadal pral rankontre nan semi final la Sèb Novak Djokovic ki elimine Rus Igor Andreev 6-3, 6-3, 6-3. Djokovic se premye Sèb ki rive nan semi final tounwa a. Lòt semi final la ap mete bab pou bab Swis Roger Federer kont Rus Nikolay Davydenko.

Bò kote meda m yo Bèlj Justin Henin ap rankontre Sèb Jelena Jankovic nan semi final la pandan ke Rus Maria Sharapova pral mate balon fas a Sèb Ana Ivanovic.

XS
SM
MD
LG