Lajistis nan vil Ti Gwav, nan lwès peyi d Ayiti, konfime akizasyon k'ap peze sou do onz moun otorite yo te arete sa gen kèk jou pou trafik dwòg. Pami prevni yo gen 6 manm fòs Polis Nasyonal la.
Konfrè nou Montigène Sincère di nou avoka akize yo deklare yo pa koupab e yo pral defann tèt yo jan lalwa pèmèt li.
Nouvèl yo di ta gen kat etranje pami moun yo arete yo.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute plis detay ak Montigène Sincère.