Daprè otorite vil New York yo, 3 nèg jwenn arestasyon yo e y’ap chèche yon 4è an koneksyon ak yon konplo echwe pou sote ayewopò Kennedy a pandan ke yo t’ap sote tank karburan pou avyon ak yon tuyo petwòl nan ayeropò entènasyonal John F. Kennedy a (JFK) nan New York.
Kèk sous fè konnen sispèk yo te nan faz planifikasyon atak la e ke yo p’at gentan reprezante yon menas iminan pou pasaje avyon yo.
Otorite ameriken yo arete younn nan sispèk yo, Russell Defreitas, yon sitwayen ameriken ki te pran nesans nan Guyane e li se yon ansyen travayè nan ayewopò a.
Otorite nan Trinidad deja arete 2 lòt sispèk, Kareem Ibrahim ki se yon Trinidadyen e Abdul Kadir ki se yon ansyen palmantè peyi Guyane. Otorite Trinidadyen yo ap chèche 4è sispèk la, Abdel Nur ki se mounn Guyane.
Yon pwokirè federal nan New York deklare si konplo sa a te gentan reyisi, eksplozyon yo t’ap lakoz devastasyon mounn pa ka imajine.