Ensekirite a fè yon nouvo viktim nan mond atistik la nan peyi d Ayiti ak asasina François Latour nan nuit madi pou ouvè mèkredi semèn sa a.
François Latour se te yon nèg lespri, yon atis plim, yon gran aktè teyat (nou sonje Pèlen Tèt?), yon espesyalis nan piblisite, yon nèg radyo...Li tonbe anba men bandi ki kidnape li e pran lavi l' ak bal.
Nouvèl asasina sa a pwovoke yon chòk nan Pòtoprens, kote fenomèn ensekirite a te fè yon bese nan semèn ki sot pase yo, gras ak entèvansyon twoup L'ONU yo ak Polis Nasyonal la nan plizyè katye cho, pa egzanp Site Solèy ak Matisan.
Korespondan nou Rotchild François, Jr. bay detay nouvèl la ak premye reyaksyon yo nan mikwo Jacquelin Bélizaire. Rotchild pwofite pale sou dosye lajan ansyen diktatè Jean-Claude Duvalier ki bloke nan peyi Lasuis.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a.