Accessibility links

Breaking News

Match Chofe Jarèt ant Chili ak Haiti


Football

Ayiti balon pral woule jodi a lè seleksyon nasyonal la ap rankontre ak Chili nan kad yon match chofe jarèt ant 2 seleksyon yo kap prepare pou koup dò KONKAKAF la epi Kopa Amerika a. Seleksyon ayisyen an pap gen sèvis Jean Philippe Peguerro kap jwen nan Danmak akoz blesu. Watson Augustin pou menm rezon an. Epi Pierre Jean Jacques kap jwe nan FC Nantes ki desann nan 2 zièm divizyon chanpyona franse a.

Apre rankont la seleksyon nasyonal ayisyen ap pran avyon pou l ale nan Trinidad and Tobago kote li pral patisipe nan yon kwadrangulè ak patisipasyon Salvador, Meksik ak Trinidad and Tobago.

La tè pral tranble nan vil Atèn an Grès nan final Lig dè Chanpyon Eropeyen an kap mete fas a fas Milan AC ak Liverpool. Pratikman jwè tou 2 ekip yo prezan. Milanè yo espere pran revanch final yo te pèdu an 2005 lè yo tap men-nen 3 a 0 nan premye mitan an. Ekip Liverpool la te remonte defisi a epi kale Milan sou tir de penalite--yon defèt Milanè pa janm bliye. Otorite yo mobilize 15 mil polisye pou mete dlo nan diven machann dezagreman yo.

Isit Ozetazuni final Superbowl 2011 la ap dewoule nan nouvo stad Dallas Cowboys la nan Tekzas dapre desizyon pwopriyetè 32 klub football zèpòl kare ameriken an pran yè Madi a. Stad la ap koute 1 milya dola. Final ane pwochen an ap dewoule nan stad Arizona Cardinal la. Tampa Florid ap akeyi final 2009 la epi Miami ap akeyi final 2010 la.

Basketball

San Antonio Spurs pilon-nen Utah Jazz 195 a 96 pou l domine seri final konferans de Lwès la ak 2 viktwa kont 0 defèt. Tim Duncan make 26 pwen e trape balon an 14 fwa. Franse Tony Parker ak Arjanten manu Ginobili make 17 pwen yo chak nan viktwa. 2 ekip yo ap rakontre Samdi pou 3 zièm rankont la lakay Utah nan Salt Lake City. Seri final la ap rapousib demen Jedi a Cleveland Cavaliers pral lakay Detroit Pistons nan kad 2 zièm rankont nan seri 7 match final konferans de Lès la.

Portland Trail Blazers ap seleksyone jwè numewo 1 lè tiraj osò NBA a ap demare dapre desizyon ki pran nan New York yè swa. Chwa sa a kapab tonbe sou Greg Oden kap jwe nan Ohio lè tiraj osò pou rekrute debutan dewoule mwa pwochen an. Seattle Supersonics ap seleksyon numewo 2 a ki kapab Kevin Durant kap jwe nan Tekzas. Atlanta Hawks ap seleksyone numewo 3 a. Ansuit nou jwen Memphis Grizzlies, Boston Celtics konplete lis 5 premye ekip nan NBA a.

Toronto Raptors renouvle kontra antrenè a Sam Mitchell pou yon lòt 4 tran ki estime a anviwon 4 milyon dola. Kontra a renouvle apre Mitchell ede Toronto Raptors ranpòte tit divizyon Atlantik la ak yon palmarès 47 viktwa 35 defèt. Raptors pèdu nan premye tou a devan New Jersey Nets apre 6 rankont. Mitchell se te antrenè ki te resevwa pipiti lajan nan lig la. Msye gen yon palmarès 107 viktwa 139 defèt depi li pran tèt Toronto Raptors an 2004.

XS
SM
MD
LG