Accessibility links

Breaking News

Romario Make Milyèm Gòl nan Karyèl


Football

Footbalè Brezilyen Romario make milyèm gòl nan karyè l nan okazyon viktwa 3 a1 Vasco de Gama ranpòte devan Recife. Romario make menm kantite gòl ak footbalè lejandè Pele soit yon total 1000.

Seleksyon Nasyonal kadè ayisyen an fè 2 match nul ak tokay Peruvyen yo nan kad match chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon kap prepare pou koup du mond la an Kore du Sud. Yè Dimach 2 seleksyon yo fè match nul 2 a 2 nan Pòtoprens apre yo te deja fè match 1 a 1 Vandredi nan Sen Mak. Sebastien Fabien Vorbes make 3 gòl ayisyen yo pandan 2 rankont yo.

Nan MLS la DC United kale Toronto Football Klub 2 a 1 pou l ranpòte 2 zièm viktwa l nan sezon an. Los Anjeles Galaksi fè match nul 1 a 1 ak Chivas USA. New York Redbulls danse sou Kolonbus Crew 4 a 0.

An Espay FC Barselòn toujou klase 2 zièm nan chanpyona Espayòl la malgre viktwa 6 a 0 li ranpòte devan Atletiko. Real Madrid ranpöte yon viktwa 3 a 2 devan Huelva rete nan tèt klasman jeneral la.

An Angletè Chelsea ranpòte koup Federasyon an gras ak yon gòl supriz Ivwaryen Didier Drogba make 116 zièm minit pwolongasyon pou suprann Manchester United.

An Itali Juventus de Turen ap remonte nan chanpyona Seri A Italyen an apre viktwa 5 a 1 yo ranpòte devan Arezzo nan chanpyona 2 zièm divizyon an.

Nan Pòtugal FC Porto ranpòte chanpyona premyè divizyon Pòtugè a gras ak yon swif 4 a 1 yo pase Belenenses nan dènye jounen chanpyona a. Belenenses ap rankontre yon lòt fwa ak Sporting Lisbon nan final koup Pòtugal la.

Pou yon 3 zièm fwa vil Atèn an Grès ap akeyi final lig dè chanpyon Eropeyen an apre 1983 e 1994. Fwa sa a Milan AC ap rankontre ak Liverpool Mèkredi 23 Me. Milanè yo pral chache ranpòte trofe a pou yon 8 tièm fwa sou yon total 11 final. Liverpool, ki ranpòte trofe a 5 fwa, te pèdu devan Milan A C an 1985. Abit Alman Herbert Fandell pral dirije rankont la dapre enfòmasyon ki soti nan Unyon Football Eropeyen an.

La polis anonse yo pral tire boulèt penture sou machann dezagreman kap fè dezòd pandan final Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Fòs de lòd fè konnen boulèt penture yo ki fè mal anpil ap pèmèt yo idantifye epi arete machann dezagreman kap eseye chape pou l yo. Otorite yo espere 50 mil fanatik Tifozi Italyen ak hoolingans Angle kapab vinn asiste 52 zièm edisyon final la.

Anviwon 7 mil 500 polisye mobilize pou rankont la. Polis yo pral pran pozisyon pou anpeche fanatik ki pa gen tikè franchi antre prensipal stad la. Chak ekip resevwa anviwon 3 mil 500 tikè pou fanatik yo. Tikè yo ki ta dwe vann ant 108 a 270 dola --ap vann juska 4 mil 700 dola.

Yon lòt kote prezidan Unyon Football Eropeyen an franse Michel Platini eksprime kè sote l pou lwa sou lib mouvman travayè sou kontinan an pa afekte football Eropeyen an

Basketball

San Antonio Spurs ranpòte premye nan seri 7 match final konferans de Lwès la fas a Utah Jazz 108 a 100. Tim Duncan make 27 pwen epi 10 pas ki make pwen,. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a toujou nan San Antonio Tekzas. Aswè a Cleveland Cavaliers ap rankonre Detroit Pistons nan premye match seri 7 match konferans de Lès la. Venkè 2 konferans yo ap rankontre an final pou detèmine chanpyon nasyonal la.

Federasyon Basketball End la anonse plan pou lanse yon lig basketball pwofesyonèl nan fen ane a nan yon tantativ pou ogmante enterè publik la nan Basketball. Federasyon an anonse yo anplwaye Sèb Aleksander Bucan kòm antrenè seleksyon nasyonal la nan moman yap pare pou siyen yon antant an Asosasyon Baskeball Ameriken an. Nouvo lig la kapab gen ant 8 a 12 ekip ak supò Federasyon Basketball Intènasyonal la.

Norvèj / Dopaj

La polis Norvejyen anonse sezi anviwon 175 mil pilul nan sa otorite yo konsidere ki ta pral sèvi kòm pwodui dopan. La polis debake nan adrès ki te sou malèt la kote yo sezi 380 mil dola kash ak lòt pwodui dopan. Polisye yo te arete yon moun men yo libere l pwovizwaman apre 4 semen nan prizon kote li te reponn kesyon otorite yo. Otorite yo ap tann rezulta ekzamen yon laboratwa pou yo konnen si wi ou non yap akuze ansyen prizonye a.

Tennis

Numewo 1 tenis maskulen an Swis Roger Federer mete fen nan 81 viktwa afile an tè batu espayòl Rafael Nadal sot ranpòte apre yon viktwa li ranpòte nan tounwa tenis Hamburg la. Federer te bezwen 3 manch 2-6, 6-2, 6-0 pou l ranpòte tounwa tenis Hanbourg la. Se premye viktwa an tè batu Federer ranpòte devan Nadal apre 6 tantativ. Sa fè Federer 3 zièm viktwa li rapòte depo Janvier.

Jwè tenis Sèb Jelena Janvkovi kale Rus Svetlana Kuznetsova pou l ranpòte tounwa tenis feminen Rom nan 7-5, 6-1.

Almay ak Arjantin ranpòte match pa ekip, yon tounwa tenis mondyal kap dewouole nan Dusseldorf an Almay. Arjanten yo kale la Swèd epi Almay kale Beljik. 8 peyi ki divize an 2 group de 4 a patisipe nan chanpyona du mond la.

Ameriken Pete Sampras kale konpatriòt li Todd Martin pou l ranpòte tounwa entènasyonal jwè tenis ki gen 30 tan e plus.

Venezuelyen Milagros Sequera kale Kanadyen Aleksandra Wozniak pou l ranpòte tounwa tenis Gran Prix Press Lalla Meryem nan kap dewoule nan Fez O Maròk.

Tounwa sa yo konsidere kòm tounwa chofe jarèt avan dewoulman tounwa Roland Garos la ki se 2 zièm tounwa tenis Gran Shelem pou ane a kap kòmanse Lendi.

Cyclisme

Siklis Norvejyen Kurt Asle Arvesen remonte yon defisi 500 mèt pou l ranpòte devan chanpyon Italyen Paolo Bettini.

Boxe

Boksè ameriken Jermain Taylor defann ak suksè tit pwa mwayen devan konpatriòt li Cory Spinks apre 2 juj sou 3 ba l yon viktwa.

XS
SM
MD
LG