Accessibility links

Breaking News

Kapab gen plis Peyi nan Pwochen Koup du Mond Football Feminen an


Football

Prezidan FIFA a Sepp Blatter di football dwe òganize yon fason pwofesyonèl. Msye Blatter, kap pare pou l boukle yon 3 zièm manda nan tèt òganizasyon footbal mondyal la, pa ekate posibilite pou koup du mond footbal feminen an gen 24 peyi olye de 16 peyi nan pwochen edisyon an. Msye Blatter kontinye ap kore Afrik du Sud kòm peyi li kwè ki kapab akeyi koup du mond la an 2010. Msye Blatter anonse òganizasyon an pral depanse 40 milyon dola pou fòmasyon abit yo pandan 4 pwochen ane yo. FIFA anonse tou yo pral eseye sistèm abitraj ak 4 abit sou teren an pandan koup du mond jè n yo ki gen pou dewoule pandan été a.

FC Seville pral chache konsève tit UEFA a lè lap rankontre Espayòl nan final 100 pou 100 Espayòl. Match la ap dewoule nan Glasgow an Ekòs.

Federasyon Football Ameriken konvoke la près jodi a pou anonse nominasyon Bob Bradley kòm antrenè seleksyon nasyonal maskulen ameriken an--yon pozisyon Bradley okipe depi 8 Desanm 2006. Bradley, ki gen yon palmarès 3 viktwa-1 nul 0 defèt, ap prepare seleksyon an kap patisipe nan Koup dò KONKAKAF la an Jwen pwochen epi Kopa Amerika a O Venezuela kòm envite espesyal. Ameriken yo gen pou jwe yon match chofe jarèt kont la Chin le 2 Jwen.

Ansyen abit 2 zièm divizyon Alman Robert Hoyzer anonse lap kòmanse sèvi santans 2 zan 5 mwa prizon Vandredi pou magouy li abitye fè nan chanpyona a pou ede yon ekip ranpòte la viktwa sou yon lòt. Ansyen Abit la, ki akuze kòm magouyè, di li te resevwa prèske 95 mil dola ak yon gwo aparèy televizyon kòm rekonpans.

Basketball

Chikago Bulls toujou an vi nan semi final NBA pou konferans de Lès la apre yo kale Detroit Pistons sou pwòp teren n ak yon viktwa 108 a 92. Ben Gordon make 28 pwen nan viktwa a Luol Deng ajoute 20 pou kenbe chikago rete an vi apre Detroit tap domine seri a 3 viktwa 0 defèt. 6 zièm match la fikse pou Jedi lakay Chikago kap tren-nen 3 viktwa kont 2 defèt.

Nan konferans de Lwès la Utah Jazz mete dlo nan diven Golden State Warriors ak yon viktwa 100 a 87 pou yo kalifye pou final konferans de Lwès la kote yap rankontre venkè seri ant San Antonio ak Phoenix Suns ki a egalite 2 viktwa patou. Aswè a Phoenix Suns ap rankontre ak San Antonio Spurs epi Cleveland Cavaliers ap rankontre New Jersey Nets. Cavaliers yo ap domine seri a 3 viktwa kont 1 defèt.

Responsab yo nan NBA a suspann 3 jwè pou movèz konduit nan okazyon 4 trièm rankont ant San Antonio Spurs ak Phoenix Suns. Amare Soudemire ak Boris Diaw resevwa yon suspansyon pou yon rankont epi Robert Horry suspann pou 2 match pou do men li te bay Steve Nash pandan rankont la. 3 jwè yo ap rate rankont aswè a. Horry ap rate rankont Vandredi a nan San Antonio.

Alman Dirk Nowitzki kap jwe nan Dallas Marvericks ranpòte trofe pibon pami pibon jwè nan NBA a e tounen premye Eropeyen ki ranpòte trofe a pandan 52 zan. Se premye seleksyone ki pat frekante yon lekòl ameriken ki ranpòte trofe a. Nowitzki fini an premyè pozisyon devan Kanadyen Steve Nash ki te ranpòte trofe a 2 fwa. CN-013 TENNIS FED CUP Asosyasyon Tenis Ameriken an anonse ekip koup federasyon an ap akeyi la Rusi nan seri semi final la nan Vermont ant 14 a 15 Juyè. Itali ap akeyi la Frans nan lòt semi final la. Venkè semi final yo ap rankontre nan final la ki fikse pou 15 e 16 Septanb.

XS
SM
MD
LG