Accessibility links

Breaking News

Swis Roger Federer ap Chache yon Nouvo Antrenè


Tennis

Swis Roger Federer revoke antren Tony Roche epi li deside patisipe nan Wimbledon, Roland Garos la.

Ansyen numewo 1 tenis mondyal maskulen an Ostralyen Lleyton Hewitt woule ak kout rakèt Arjanten Agustin Calleri 6-3, 6-4 pou l kalifye pou 2 zièm tou tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan Hambourg. Espayòl Juan Carlos Ferrero te bezwen 2 manch pou l debarase l de Swis Stanislas Wwarinka 6-1, 7-6 epi Rus Marat Safin te monte yon maswife avan li kale chilyen Nicolas Massu 7-6, 6-4.

Basketball

Aswè a Utah Jazz pral raproche l de yon kalifikasyon lè yap rankontre revelasyon faz final la Golden State Warrios. Seri a 3 viktwa kont 1 defèt an favè Jazz yo. Cleveland Cavaliers fè yon pa an avan pou l kalifye nan final konferans de Lès la apre viktwa de justès 87 a 85 yo ranpòte devan New Jersey Nets pou mete seri a ak 3 viktwa 1 defèt. Lebron James make 30 pwen. New Jernets dwe ranpòte 5 kièm rankont la lè 2 ekip yo ap rankontre demen Mèkredi a si yo vle kontinye nan chanpyona a--si non Cleveland ap kalifye pou final la pou rankontre venkè seri ant Detroit Pistons ak Chikago Bulls ki fikse pou aswè a. Nan lòt rankont Phoenix Suns te deplwaye tout efò pou l kale San Antonio Spurs nan Tekzas 104 a 98 epi egalize seri a 2 viktwa patou. 2 ekip yo ap rankontre demen Mèkredi a.

Football

Federasyon Football Jamayik la anonse seleksyon nasyonal la ap jwe yon rankont ak seleksyon Chili a 5 Jwen kap vini la a nan Kingston. Match sa a pral sèvi kòm yon tès pou antrenè Bora Mulitinovic kap prepare Reggae Boys yo pou eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la.

Komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud 2010 la estime anviwon 400 mil fanatik pral fè deplasman pou asiste faz final konpetisyon kap dewoule nan 9 vil peyi a. Responsab yo deja gen 27 mil cham disponib e yo espere touche sib 55 mil chamb disi 2010.

Prezidan FIFA-a Sepp Blatter mande responsab espayòl-yo pou yo di ofisyèlman si gen jwè foutbòl ki enplike nan skandal siklis Puerto-a. Jodi madi-a nan vil Zurik an Swis, mesye Blatter fè konnen li voye yon lèt kote li mande gouvènman espayòl-la eklèsisman. Mesye Blatter fè deklarasyon sa-yo an marj reunion AMA-a ( Ajans Mondyal Anti-dopaj) kap dewoule nan Montreal, Kanada.

Antrenè seleksyon Italeyen an Roberto Donadoni eskprime mekontantmann apre lig football Italyen deside demare chanpyona Seri a 26 Out olye de 19 Out ke federasyon an te prefere. Donadoni kwè lig la ta dwe prepare kalandriye menm jan ak lòt chanpyona sou kontinan an ki konsidere match seleksyon nasyonal la gen pou jwe.

Yon lòt kote antrenè klub Angle Chelsea, Jose i fè konnen atakan Ukreyen Andrei Shevchenko ap rete nan klub la pou l chache amelyore pèfòmans li. Mourinho di Shevchenko pa bay randman tout moun tap atann de li akoz tou senpleman li soti nan yon kultu diferan. Chelsea te peye Milan AC 45 milyon Ero pou te vinn pote kole nan ekip la ki elimine nan semi final Lig dè Chanpyon Eropeyen an.

Nan Miami Florid, demi final 7e edisyon tounwa Madan Gougouss-la kap dewoule Nan Miami, Okap kale Gonayiv 3-0 . Nan lòt demi final-la Nacional Onduras kale Pewou . Final-la ap dewoule dimanch kap vini la-a ant Okap ak Nacional Onduras.

Nan leve-d rido ap genyen yon pakèt aktivite. Joe Namphy ,youn nan òganizatè-yo di-nou se pral yon bagay wololoy nan stad stad sa-a ki pral reuni publik ayisyen ak fanatik latino-yo.

Cycling/ Dopaj

Yon komite 3 juj reyuni depi yè Lendi nan Malibou an Kalifòni pou deside sou sò siklis ameriken Floyd Landis an akuzasyon li ta konsome dròg pandan Tour de Frans edisyon 2006 la ke li te ranpòte. Ajans Antidopaj Ameriken an te pran la pawòl kote te prezante dosye a answit youn pami avoka kap defann atlèt la te pran la pawòl. Deba yo kapab dure jusko 23 Me.

Si komite a jwen Lendis koupab ajans antidopaj ameriken an kapab enpoze yon suspansyon 2 zan. Responsab kous bisiklèt tour de Frans kapab pran tit la li te ranpòte. Kòm pati yon antant Landis aksepte pou l pa patisipe nan kous bisiklèt Tour de Frans la ane sa a an atandan kesyon dopaj la rezoud. Jounal spòtif franse Lekip te publiye yon atik kote li di tès ki fèt sou atlèt la revele yon wo nivo testosteron an urin--Landis di bò kote pa l li pat pran oken pwodui dopan.

XS
SM
MD
LG