Accessibility links

Breaking News

Sò Siklis Ameriken Floyd Landis nan Men yon Komite 3 Juj


Siklisme

Tribunal arbitraj ameriken an ap pase 10 pou etudye dosye siklis ameriken Floyd Landis ki anba akuzasyon dopaj apre viktwa li te ranpòte nan kous bisiklèt Tour de Frans la an 2006. 3 juj, ki fè pati komite a reprezante chak sektè konsène nan dosye a( Landis, Ajans Anti dopaj ameriken an ak yon juj ke 2 pati yo antann sou li. Nan deba yo Landis mande pou direktè laboratwa franse ak 6 lòt moun ki te fè tès la fè depozisyon. la près ak publik ap asiste deba yo. Si komite abitraj la jwen Landis koupab msye kapab resevwa yon suspansyon 2 zan ak posibilite pou l pèdu tit Tour de Frans la.

Football

Delege peyi KONKAKAF yo ki sot patisipe nan Kongrè O Kanada elu Trinidadyen Jack Warner pou yon nouvo manda 4 tran kap kenbe l nan tèt òganizasyon spòtif rejyonal la juskan 2011. Msye Waner nan tèt KONKAKAF la depi 1990.

Vyolèt Atletik Klub woule Asosyasyon Spòtif Gran Gwav nan kad 15 zièm jounen chanpyona nasyonal la. Baltimore de Sen Mak, ki ranpòte seri ouvètu chanpyona nasyonal la, tonbe a domisil fas Racing Club ayisyen 2 a 1.

Abby Wambach make 2 gòl pou ede seleksyon feminen ameriken an wouze Kanada 6 a 2 nan kad yon match chofe jarèt ki jwe ant 2 seleksyon yo.

Nan MLS la Kolorado Rapids kale New York Redbulls 1 a 0. Toronto Football Klub ranpòte premye viktwa l nan Lig la -se Chikago Fire tonbe 3 a 1 devan ekip Kanada a. Colombus Crew fè match nul 1 a 1 ak Chivas USA. FC Dallas kale Kansas City Wizards 2 a 1 epi New England Revolution te fè anpil efò pou l kale Los Anjeles Galaksi 3 a 2.

Vedèt football Brezilyen Kaka mande yon konje pandan Kopa Amerika kap dewoule O Venezuela. Kaka fè demand la kèk jou avan antrenè seleksyon an Dunga publiye lis jwè kap fè pati seleksyon Brezil la ki nan group B ansanm ak Chili, Meksik ak Ekwatè.

An Espay viktwa 4 a 3 Real Madrid ranpòte devan Espayòl pèmèt li pran tèt chanpyona Espayòl la gras ak match nul FC Barselòn fè ak Betis Seville. Real Madrid pran tèt klasman an ap 66 pwen sou gòl diferans akoz ekip Barselòn nan gen 66 pwen tou.

Medya yo an Espay ap pale de posibilite pou antrenè FC Barselòn nan Olandè Frank Rijkaard kite klub katalan an nan fen sezon an. Medya yo rann Olandè a responsab taton-nen ekip Barselòn ap taton-nen nan diferan chanpyona. Barselonè yo elimine nan 8 tièm de final Lig dè Chanpyon Eropeyen an, yo pèdu an final koup dè klub la ak Supercoup Eropeyen an epi koup Wa a sa pa gen lontan. Aktuèlman FC Barselòn ki klase 2 zièm dèyè Real Madrid sou diferans gòl, pa menm gen asurans lap ranpòte chanpyona a.

An Itali Milan AC kalifye pou pwochen edisyon lig dè chanpyon Eropeyen an apre match nul 1 a 1 yo fè ak Catane nan okazyon 36 zièm jounen chanpyona a. An plus de Milan AC, gen Inter de Milan, AS Wòm ak Lazio de Wòm kalifye pou tounwa prestijye Eropeyen an.

Kalifikasyon sa a rive nan moman Milanè yo ap prepare pou rankontre ak Liverpool nan final Lig dè Chanpyon Eropeyen an nan vil Atèn le 23 Me. Si Milan AC ranpòte trofe a sa pral evite l patisipe nan faz eliminatwa a-donk kalifikasyon dirèk pou faz pou l yo.

An Almay FC Stuttgart pran tèt klasman jeneral Bundersliga a apre viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan Bochum. Rezon se akoz Shalke 04 pèdu 2 a 0 devan Borussia Dortmund epi viktwa Franfurt ranpòte devan Werder de Brèm.

Sou kontinan Azyatik la Federasyon Football Malezi a ki gen supò Premye Minis peyi a, kanpe fè m pou akeyi Mancheser United 27 Juyè malgre objeksyon FIFA ak Federasyon Football Azyatik la. Tounwa a ap fèt pou make 50 tièm anivèsè federasyon. Rezon 2 enstitusyon yo te evoke se akoz tournee Manchester United la ap dewoule an mèm tan koup Federasyon Football Azyatik la. Responsab Federasyon an di yo espere gen sanksyon kap pran kont desizyon an.

Basketball

Balon pral mate aswè a lè Cleveland Cavaliers ap retounen lakay New Jersey Nets. Cavaliers yo ap men-nen 2 a 1. San Antonio Spurs ap akeyi Phoenix Suns. Spurs yo ap men-nen 2 viktwa ak 1 defèt.

Yon lòt kote Utah Jazz sou wout pou l kalifye nan final konferans de Lwès la apre viktwa 115 a 101 gras ak 34 pwen Carlos Boozer make epi 12 pas ki make pwen. Utah, kap domine seri a ak 3 viktwa 0 defèt, ap akeyi Golden State demen Madi a. Menm yè Dimanch la Chikago Bulls rete an vi nan faz final la gras ak yon swif yo pase Detroit Pistons pou mete seri a 3 viktwa 1 defèt an favè Detroit.

Tennis

Numewo 1 tenis franse a Amelie Mauresmo pa figure pami 3 premye jwè tenis mondyal feminen an apre defèt li subi nan 8 tièm de final tounwa tenis Berlen an. Belj Kim Clijsters pa fè pati klasman jeneral la apre manmzèl te anonse lap pran retrèt li.

Nouvo klasman bay Bèlj Justine Henin kòm numewo 1, Rus Maria Sharapova ak Svetlana Kuznetsova, franse Amelie Mauresmmo ak Sèb Jelena Jankovic kòm 5 premye jwès mondyal. Ameriken Serena Williams, ki klase 11 zièm se premye ameriken nan lis la.

Bò kote msye yo Swis Roger Federer ranmase 7015 pwen pou l rete nan tèt klasman jeneral la devan Rafael Nadal ki gen 4875 pwen apre li finn ranpòte pou yon 3 zièm fwa tounwa tenis dè mèt ki tap dewoule nan vil Wòm an Itali. Rus Nikolay Davydenko, ameriken Andy Roddick, Chilyen Fernando Gonzales konplete lis 5 meyè jwè tenis maskulen sou tèt a.

Japonè Akiko Morigami ranpòte premye tounwa tenis pwofesyonèl nan karyèl apre li kale franse Marion Bartoli nan final tounwa tenis Prag la 6-1, 6-3. Jwè tenis espayòl Rafael Nadal tounwa premye jwé ki ranpòte tounwa tenis dè mèt vil Wòm nan 3 fwa apre li woule ak kout rakèt chilyen Fernando Gonzalez 6-2, 6-2 an mè m tan ranpòte 77 viktwa an tè batu. An Almay Sèb Ana Ivanovic suprann Rus Svetlana Kuznetsova pou l ranpòte tounwa tenis Berlen an 3-6, 6-4, 7-6.

Atletisme / Dopaj

Ajans Antidopaj Mondyal aksepte kòm nan pwosesus legal ankèt kap men-nen operasyon Puerto a an Espay ki kapab enplike plis pase 50 siklis ak yon doktè. Nan yon deklarasyon WADA publiye li di lap gen aksè nan dosye yo kap pèmèt li entèvenu an ankèt. Ajans kapab revize dokuman yo kap pèmèt li adopte mezu disiplinè pandan lap travay tèt ansanm ak Unyon Siklis entènasyonal la. Ajans Antidopaj la di li prale an apèl ak desizyon yon juj espayòl pran poul kite dosye tonbe nan dlo.

Atletisme

Pòtugè Helder Ornelas ranpòte maraton entènasyonal Prag la pandan ke Rus Nailya Yulamanova ranpòte kategori feminen an. .

XS
SM
MD
LG