Accessibility links

Breaking News

Barselòn Fè Malèt li


Football

An Espay, nan demi final retou Koup Du Roi-a , Getafe kalifye mirakuleusement . Li van-nen FC Barselòn 4-0 alòs ke Barca te ranpòte la viktwa 5-2 nan match ale-a . Donk, final l Koup dEspay ap mete fas-pou-fas FC Seville ak Getafe .

Foutbòl nan rejyon Amerik du Sud-la , Brezil pèdu 3 klub nan 8 tièm de final Kopa Libertadores de Amerika a. Klub sa yo se Parana, Sao Paolo ak Flamengo. Gremio ak Santos toujou nan kous la. Boca Junior ap reprezante Arjantin nan kar de final la epi Urugwe gen 2 reprezantan.

Tennis

Italyen Filippo Volandri kontinue ap etone moun apre kalifikasyonn jodi a pou semi-final-yo . Jodi a li elimine Tomas Berdych an 2 sèt : 6-2, 6-3. Avan sa-a, rus Nikolay Davidenko te kalifye tou pou demi-final la apre viktwa-l an 3 sèt : 1-6, 6-3, 6-3 sou espayòl Tommy Robredo.

Nan tounwa Berlen -an , fransèz Amelie Mauresmo kite konpetisyon-an avèk dlo nan je apre defèt-li nan 8e de final devan ukrenyèn Julia Vaku-lenko an 3 sèt ; 2-6, 6-1, 6-2.

Basketball

Detroit Pistons remonte yon defisi 19 pwen pou l kale Chikago Bulls pou yon 3 zièm fwa nan semi final konferans de Lès la 81 a 74. Rezulta a te kapab diferan si ekip Chikago a ki tap jwe lakay li pat rate yon seri de 3 pwen ak plizyè kou fran nan dènye kadhè match la. 2 ekip yo ap rankontre Dimanch toujou nan Chikago. Aswè a Utah Jazz ap rankontre Golden State Warriors nan Oakland Kalifòni. Utah Jazz ap domine seri a ak 2 viktwa 0 defèt.

Atletisme

Judoka ayisyen an Josue Despres kategori 73 kilo ranpòte yon meday de bronz nan je Alba yo kap dewoule nan Venezuela.

Chanpyon kous bisiklèt Tour de Frans, edisyon 2006-la, ameriken Floyd Landis fè konnen Ajans Antidopaj ameriken ofri l pou yon redui seryezman suspansyonn si l bay enfòmasyon dopaj kap mare pye konpatriòt li Lance Armstrong ki ranpòte konpetisyon an 7 fwa. Konferans de près la Landis bay anvan li prezante devan komisyon Arbitraj la Lendi pwochen dekri òf la kòm inapropriye e ki montre tanperaman responsab ajans antidopaj ameriken an. Armstrong pa janm sispann rejte akuzasyon kòm kwa li ta pran dròg pou ede l ranpòte konpetisyon an.

XS
SM
MD
LG