Tennis
Italyen Filippo Volandri elimine jwè tenis Swis Roger Federer nan tounwa tenis Rom nan 6-2, 6-4 pou l pase nan 8 tièm de final tounwa a. Se menm Volandri a ki te elimine franse Richard Gasquet yè Mèkredi a. Msye klase 53 zièm mondyal. Ameriken Andy Roddick fè bèk atè nan tounwa a tou fas Arjanten Ignacio Chela 6-0, 6-4.
Chanpyon US Open Rus Maria Sharapova se pòt pawòl vil pòtuè Sochi ki ta renmen òganize je zolenpik dhivè yo an 2014. Sharapova pase 6 zan ap viv nan vil la ansanm ak fanmi l avan yo emigre Ozetazuni. Sharapova ki klase numewo 2 mondyal pral sèvi kòm anbasadè de bòn volonte vil la. Lòt kandida yo se Salzburg an Otrich ak Pyongchang, Kore du Sud. Komite Olempik Entènasyonal la pral seleksyon vil kap òganize je dhivè 2014 yo an Juyè nan Gwatemala Citi.
Tounwa tenis almay la rekòmanse nan vil Berlen kote chanpyon sòtan nan Rus Nadia Petrova ak Svetlana Kuznetsva kalifye pou kar de final la. Petrova te bezwen 2 manch pou l elimine konpatriòt li Elena Dementieva 6-3, 6-3 pou l al rankontre Kuznetsova ki elimine Martina Muller 6-3, 6-2. Sèb Ana Ivanovic kalifye apre Ukrenyèn Alona Bondarenko abandone rankont pandan 2 zièm mach la akoz li pran yon zòbòy.
Basketball
Aswè a Detroit Piston pral lakay Chikago Bulls. Detroit ap men-nen ak 2 viktwa 0 defèt
Utah Jazz te bezwen pwolongasyon pou l kale Golden State Warriors 127 a 117 e domine seri a 2 viktwa 0 defèt nan yon rankont ki te chaje ak suspens depi kòmansman juska la fen. Jazz yo remonte yon defisi nan dènye sekond pou egalize rankont la apre Golden State rate 3 kou nan fen sekond match la.Demen Vandredi a 2 ekip yo ap rankontre nan Oakland Kalifòni.
Football
An Espay FC Seville kale Deportivo La Coròy 2 a 0 pou l kalifye pou final koup dEspay la. Seville ap tann venkè rankont jodi a ant FC Barselòn ak Getafe. An Frans FC Nantes desann nan 2 zièm divizyon apre 44 tran li pase nan chanpyona premyè dovizyon franse kote li ranpòte 8 tit. Palmarès ekip la pale pou li. Demi finalis nan lig dè chanpyon Eropeyen an 1996--demi finalis nan koup dè venkè de koup an 1980--8 tit chanpyon premyè divizyon franse. 3 koup de Frans--jodi a ekip la desann piba lechèl la.
An Ayiti Baltimore de Sen Mark ranpòte seri ouvètu chanpyona nasyonal la gras ak yon swif 2 a 0 yo pase Asosyasyon Spòtif Mirbalè malgre manke yon jounen pou faz sa a fini. Baltimore ranpòte 9 viktwa--5 nul-0 defèt
Boxe
Konsèy Mondyal Boks la anonse match boks ki sot mete fas a fas boksè ameriken Floyd Mayweather Jr ak Oscar de la Hoya antre nan listwa kòm match ki ranpòte plis lajan. Fanatik ki tal asiste rankont la peye 19 milyon dola epi yo antre yon lòt 120 milyon dola nan men fanatik ki peye pou wè rankont la nan televizyon. An tou ka De La Hoya foure nan poch li 45 milyon dola malgre li pèdu match la opwen.