Accessibility links

Breaking News

Sepp Blatter Kore Afrik du Sud pou Akeyi Koup du Mond la an 2010


Football

Prezidan FIFA a Sepp Blatter minimize deklarasyon li te fè sa pa gen lontan lè l te site yon seri de peyi li kwè ki kapab òganize koup du mond la an 2010 nan yon tan ki pa twò long. Msye Blatter di FIFA toujou gen plan durjans nan ka yon dezas naturèl ta anpeche peyi òganizatè a òganize konpetisyon an. Msye Blatter di pou kounye a koup du mond 2010 la ap dewoule an Afrik du Sud.

Yon lòt kote msye Blatter, kap patisipe nan Kongrè Konfederasyon Football Azyatik la, mande Manchester United pou l rekonsidere dat tounen lap fè sou kontinan Azyatik la akoz li ko-enside ak dat koup konfederasyon an. Federasyon Football Malezi a mande klub Angle a pou l anule vizit li te gen pou l fè nan peyi a sou demand konfederasyon Football Azyatik la pou yo pa pali tounwa football koup Azyatik la kap dewoule nan 4 nasyon. Fanatik yo nan Malezi eksprime mekontantman ak desepsyon yo pou anule vizit Manchester la.

Federasyon Football Kwat la anonse li kite tonbe tantativ li ta pral fè pou Unyon Eròp la dedomaje l pou l depans li konsanti nan chache òganize koup dEròp an tandè m ak la Hongri. 2 federasyon yo te suprann lè Unyon Eròp vote an favè la tandèm Polòy/ Ukrèn pou akeyi konpetisyon an 2012. Responsab Kwat yo di lajan yo ta pral mande a swa 2 milyon 71 mil dola se pou ede nan devlopman pwogram footbal peyi a donk moun kap pale a te mal konprann deklarasyon ki te fèt nan sans sa a.

Isit Ozetazuni Los Anjeles Galaksi ranpòte yon viktwa 3 a 1 devan New York Red Bulls pou l kalifye nan 3 zièm tou koup US Open nan.

Seleksyon football feminen ameriken publiye lis jwè ki konvoke nan match yap jwe kont Kanada Samdi nan preparatif pwochen koup du mond feminen an kap dewoule an Chin.

Seleksyon Irlandè a ap prepare pou l jwe 2 rankont Ozetazuni. Irlandè yo ap rankontre Ekwatè 23 Me nan Giant Stadium nan New York avan li rankontre Kolonbi 3 jou apre nan Gillette Stadium eta Massachussets. Irlandè yo klase 3 zièm nan group D a ansanm ak Almay e Republik Tchèk nan eliminatwa Ero 2008 la. 3 seleksyon gen 13 pwen yo chak. Irlandè yo ap jwe pwochen match kalifikatif yo an Septanb pwochen.

An Espay a mwens yon supriz Barselòn kapab rankontre ak Seville nan final koup dEspay la. Seville ki te ranpòte match ale 3 a 0 fas La Coròy kapab konsève chans li nan match retou a ki fikse pou jodi a aloske Barselon te ranpòte match ale a 5 a 2 fas a Getafe. Match retou a fikse pou demen.

Gen posibilite pou footballè Kamerounè Samuel Eto’o al jwe an Angletè dapre pawòl kap pale. Apre Chelsea, Arneal ak Liverpool kounye a se Manchester ki manifeste entansyonn pou l ta jwen sèvis butè FC Barselòn nan. Antrenè Alex Fergusson, ki di li bezwen recrute 3 footbalè pandan sezon été a, vize Eto’o kòm priyorite numewo 1.

Basketball

Aswè a Golden State Warriors a rankontre ak Utah Jazz kap domine seri a 1 viktwa 0 defèt.

Phoenix Suns woule San Antonio Spurs ak yon viktwa 101 a 81 pou l egalize seri semi final konferans de lwès la ak yon viktwa patou. Amare Stoudamire make 27 pwen, Steve Nash ajoute 20 nan viktwa a ak 16 pas ki make pwen. 2 ekip yo ap rankontre Samdi nan San Antonio pou 3 zièm nan seri 7 match la. Nan konferans de Lès la Cleveland Cavaliers kale New Jersey Nets 102 a 92 pou l domine seri 7 match ak 2 viktwa kont 0 defèt.

Boxe

Ansyen chanpyon pwa lou ameriken Evander Holyfield anonse lap retounen sou ring nan pou l mare batay ak konpatriòt li Lou Savarese nan El Paso Texas. Holyfield ki gen 44 tran pral fè tantativ pou l ranpòte yon 5 kièm tit pwa lou.

XS
SM
MD
LG