Accessibility links

Breaking News

Rankont Bush-Préval Madi 8 Me a nan La Mezon Blanch


Prezidan ameriken an George W. Bush genyen pou l resevwa kòlèg ayisyen n nan, René Garcia Préval, madi aprè midi nan la Mezon Blanch. Tèm diskisyon yo pral kouvri tout yon lis sijè, san bliye efò Misyon Nasyon Zini an ann Ayiti (MINUSTAH) ap deplwaye pou l ranfòse sekirite nan peyi a epi chans pou Ayiti genyen kwasans ekonomik.

Daprè yon deklarasyon La Mezon Blanch te pibliye sa pa gen lontan, sou administrasyon Préval la Ayiti reyalize kèk pwogrè enpòtan nan kad pwosesis demokratizasyon an e nan efò ki nesesè pou jete fondasyon yon estabilite ekonomik nan peyi a. Lèzetazini reprezante pi gwo patnè komèsyal Ayiti e an menm tan se peyi ki ofri nasyon karayib la pi gwo kantite asistans imanitè.

O kòmansman rankont Bush-Préval la te fikse pou mèkredi 9 me a; e La Mezon Blanch pa bay okenn rezon pou chanjman dat la. Sepandan, gouvènè eta Kansas la, Kathleen Sebelius, pale ak laprès pou l di li atann ni aske prezidan Bush vizite eta sa a nan jounen mèkredi a pou l wè ak pwòp je l dega yon gwo vouvari-van te komèt nan vil Grensburg pandan weekend nan.

Yon |òt kote, antèman Jij Hugues Saint-Pierre chante lendi 7 me a nan Gonayiv. Nouvèl yo fè konnen manifestasyon anti-gouvènmantal te oblije yon delegasyon ofisyèl --ki te gen premye minis Jacques Edouard Alexis nan tèt li-- kite seremoni an anvan lè.

Anfen, kèk espesyalis lalwa kritike desizyon otorite lajistis yo pran pou yo libere yon ansyen palmantè ki anba akizasyon deske li ta enplike nan masak Lasiri a, tou prè vil Sen Mak.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG