Accessibility links

Breaking News

Etazuni ak Trinidad and Tobago Kalifye pou Koup du Mond la


Football

Etazuni kalifye pou faz final koup du mond Kadè a an Kore du Sud apre yo kale Kosta Rika 2 a 1 pou fini nan tèt group la ak 9 pwen. Ameriken yo te subi premye defèt nan konpetisyon an devan Jamayik 3 a 2 Vandredi pase e ki mete fen nan 18 viktwa konsekutif ekip tonton Sam nan ranpòte nan konpetisyon entènasyonal. Sa fè Etazuni 13 zièm vwayaj afile lap nan yon koup du mond kadè. Jamayik, ki tap òganize konpetisyon an, tonbe 1 a 0 devan Trinidad and Tobago ki kalifye apre yo te kale Kanada.

Ayiti, Honduras, Etazuni, Kosta Rika ak Trinidad and Tobago se 5 peyi kap reprezante zòn KONKAKAF la nan koup du mond kadè a an Kore du Sud pandan sezon ete a.

Antrenè seleksyon kadè Jamayiken an demisyone apre seleksyon an elimine.

An Ayiti Baltimore de Sen Mark pran tèt chanpyona football ayisyen an apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Asosyasyon Spòtiv de Carrefour. Apre rankont ki jwe nan 13 jounen chanpyon a, Baltimore de Sen Mak gen 29 pwen devan AS Mirbalè ki gen 24 pwen, Cavaly de Leogane gen 22 pwen epi Tanpèt de Sen Mak gen 22 pwen.

Isit Ozetazuni, finalman DC United ranpòte yon viktwa. Yè Dimanch la DC UniteD kale Chivas USA 2 a 1 isit Washington. New England Revolution woule Chikago Fire 3 a 1. Kansas City Wizards ranpòte yon viktwa tou mens devan Colonbus Crew 1 a 0. REal Salt Lake fè match nul 3 a 3 ak New York Red Bulls. Toronto Football Club tonbe devan Houston Dynamo 3 a 1.

Footballè Angle David Beckham ap domine lig football balonwon ameriken ak yon salè 6.5 milyon dola lan lè lap kòmanse jwe nan Los Anjeles Galaksi pandan sezon été a dapre chif Asosyasyon jwè MLS yo publiye. Dapre nouvèl yo chif sa a reprezante yon disparite ant jwè kap evolye nan lig la ak yon seri de lòt. Anviwon 25 pou jwè resevwa ant 12 mil dola a 19 mil dola lan.

Atakan Meksiken Cuauhtemoc Blanco resevwa 2 .6 milyon dola pou l jwe nan Chikago Fire. Atakan Kolonbyen Juan Pablo Angel, ki te konn jwe nan klub Angle Aston Villa, ap resevwa 1 .6 milyon dola nan New York Redbulls. Claudio Reyna kap jwe nan Redbulls se sèl ameriken kap resevwa 1.25 milyon dola. Mitan teren Los Anjeles Galaksi a Landon Donovan ap resevwa juska 900 mil dola. Sendika jwè yo mande pou jwè yo resevwa 30 mil dola pou anpeche footbalè ki anba lechèl salè a, sispann mande paran yo lajan pou peye lwaye.

Real Madrid mete a 2 pwen dèyè FC Barselòn nan klasman jeneral lig Espayòl la apre viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan FC Seville. Valans kale Deportivo 2 a 1 pou konsève espwa pou yo ranpòte konpetisyon an.

An Angletè Manchester United ranpòte tit divizyon Angle a apre Chelsea fè match nul 1 a 1 ak Arsenal. Samdi Manchested United te kale Manchester City 1 a 0. United ranpòte 9 vièm tit chanpyona premyè divizyon Angle a e yon total 16 nan istwa ekip la.

An Almay Werder de Brem kanpe fè m pou ranpòte tit Bundersliga a apre rakle 4 a 1 yo pase Herta de Berlen. An Frans Olenpik de Marseille kapab kalifye pou pwochen koup Unyon Football Eropeyen an apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Monaco. Viktwa ki mete Marseille a 1 pwen dèyè Bordeaux ki klase 3 zièm nan chanpyona a.

Nan vil Belgrad Etwal Wouj de Belgrad ranpòte 25 kièm tit li nan chanpyona a gras ak yon viktwa 2 a 1 li ranpòte malgre make 3 jounen pou l fini.

Nan Woumani match 1 a -1 Polintehnica fè ak Dinamo de Bucharest pèmèt Dinamo ranpòte 18 tièm tit nan chanopyona a premyè divizyon peyi a.

An Afrik federasyon football Gana a anonse ansyen entènasyonal seleksyon kadè Olandè a Quincy Owusu Abeyie mande FIFA otorizasyon pou l jwe pou seleksyon Afriken an. Federasyon an solisite sèvis Owusu, kap jwe nan Spartak de Moskou, pou ranfòse liy datak seleksyon an kap prepare pou l patisipe nan Koup dè Nasyon peyi Afriken yo.

Atletisme

Jamayiken Veronica Campbell, Kenia Sinclair, Brigitte Foster-Hyltons ak Melaine Walker briye nan 4 trièm edisyon konpetisyon atletis nasyonal la. Venkè yo ap kalifye pou patisipe nan kous Atletis Mondyal Federasyon Atletis Amatè Entènasyonal la. Shrenone Simpson fini 2 zièm nan kous 200 mèt konpetisyon an.

Tennis

Ameriken Pete Sampras ranpòte yon viktwa 6-3, 5-7, 11 -9 pou l ranpòte koup chanpyon dè chanpyon tounwa tenis ki tap dewoule nan Boston.

Final tounwa tenis Varsovi a, la pli te ranvwaye, ap jwe jodi a ant bèlj Justine Henin ak Ukrenyen Alona Bondarenko.

Sèb Novak Djokovic kale franse Richard Gasquet pou l ranpòte tounwa tenis Estoril la ki tap dewoule nan Portugal.

Alman Philipp Kohlschreiber ranpöte tounwa tenis BMW a, ki tap dewoule nan vil Munik, devan Rus Mikhail Youzhny 2-6, 6-3, 6-4. Boxing Nan Boks boksè ameriken Floyd Maywweather ranpòte yon viktwa o pwen devan Oscar de la Hoya pou l tit Konsèy Mondyal Bosk la kategori Super welterweight.

Basketball

Aswè a Chikago Bulls pral chache yon viktwa lè lap rankontre ak Detroit Pistons kap domine seri 7 match nan konferans de Lès la. Utah Jazz ki elimine Houston Rockets ap rankontre Golden State Warriors ki se revelasyon faz final la nan konferans de Lwès la.

Cleveland Cavaliers kale New Jersey Nets 81 a 77 nan seri 7 match semi final konferans de Lès la. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a. San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Phoenix Suns nan yon rankont ki te chaje ak suspens. Tim Duncan make 33 pwen epi trape balon an 16 fwa. 2 ekip yo ap rankontre demen Madi a toujou nan Phoenix.

Klub basketball Grèk Panathinaikos ranpòte 4 trièm tit basketball Eurolig la apre yo kale CSKA de Moskou 93 a 91.Eurolig la reyuni 24 klub sou kontinan an tankou Turki, Espay, Itali, Grès, Frans ak Izrayèl

XS
SM
MD
LG