Accessibility links

Breaking News

Kosta Rika Kalifye pou Koup du Mond Kadè a


Football

Nan Jamayik kote faz final eliminatwa koup du mond la dewoule pou group B a jodi a Kanada ap rankontre Trinidad and Tobago epi Jamayik ap jwe kont Etazuni. Kosta Rika, ki gen 7 pwen nan group la deja gen tikè l pou faz final la kap dewoule an Kore du Sud. Basketball

Responsab klub football balonwon ameriken Real Salt Lake non-men ansyen vedèt MLS Jason Kreis kòm nouvo antrenè ekip la. Kreis pran retrèt li nan MLS la apre 11 zan karyè kote li make 108 gòl--plis gòl ke oken tout lòt footbalè. Kreis, ki gen 34 tran, se pi jèn antrenè football nan Lig la. Isit Washington D.C United fè match nul 1 a 1 ak New England Revolution.

Asosyasyon jounalis football an Angletè elu footbalè Pòtugè Christian Ronaldo kòm meyè footballè pou ane a nan peyi a devan Ivwaryen Didier Drogba

2 Klub espayòl ap patisipe nan final koup Unyon Football Eropeyen an ant chanpyon sòtan an FC Seville ak Espanyòl de Barselòn. Seville kalifye apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Osasuna epi Espanyòl kale Werder de Brem 2 a 1. Final la fikse pou 16 Me nan Glasgow an Ekòs.

Komisyon disiplinè Unyon Football Eropeyen an frape Osasuna yon amand plis pase 61 mil dola pou move òganizasyon ak move konpòtman fanatik yo. Unyon football la frape Glasgow Rangers yon amand plis pase 16 mil dola pou pwen yo tap tire kont fanatik lòt klub la nan okazyon 8 tièm de final koup UEFA a. 2 klub yo gen 3 jou pou ale an apèl ak desizyon an.

Kapitèn klub football angle Steven Gerrard konfimen li kòmanse negosye pwolonjman kontra l ak klub la.

Pwopriyetè klub football Italyen Silvio Berlusconi deklare jodi a li tap kontan si footballè Ukrenyen Andrei Shevchenko te retounen nan Milan AC si l ta deside kite Chelsea ki te peye 45 milyon Ero pou sèvi Ukrenyen an. Shevchenko, ki gen difikilte pou l adapte l ak football Angle a make sèlman 4 gòl nan chanpyona a.

Footballè Angle David Beckham kalifye pou l jwen pwochen rankont Real Madrid pral kont FC Seville nan Santiago Bernabeu Dimanch kap vini lal a. Beckham te resevwa yon katon jò n pou tèt li tap fè tan pase nan viktwa 4 a 1 Real Madrid te ranpòte devan Athletico de Bilbao. Dapre règleman yo yon football resevwa yon suspansyon otomatik apre chak 5 katon jòn li resevwa. Yè Jedi a federasyon retounen sou desizyon an apre Real Madrid te reyusi ak suksè pou di rezon ki fè Beckham te pran tan pou l choute kou fran an se akoz mitan teren ekip advès la pat respete limit 10 yard règleman yo mande. Asosyasyon Basketball ameriken an vote Luol Deng kap jwe nan Chikago Bulls kòm meyè spòtif pou ane a pou konpòtman sou teren an ak aktivite lap mennen an deyò teren an. Deng ki te pran nesans nan Soudan ranmase plis pase 2 mil vwa nan bulten yo devan Shane Battier kap jwe nan Houston Rockets.

Basketball

Golden State Warriors toune premye klub nan istwa NBA a kòm tèt de seri numewo 8 ki elimine yon tèt de seri numewo 1 nap pale de Dallas Mavericks ki subi 4 trièm li yè swa 111 a 86. Ak 4 viktwa kont 2 defèt Dallas Marvericks pase nan 2 zièm tou konferans de Lwès la pou l al rankontre venkè seri ant Utah Jazz ak Houston Rockets. Utah danse sou Houston 94 a 82 pou l mete seri a 3 viktwa patou epi fòse yon 7 tièm match Samdi nan Houston.

Jodi a New Jersey Nets pral eseye kalifye pou 2 zièm tou nan konferans de Lès la lè yap rankontre Toronto Raptors nan okazyon 6 zièm rankont ant 2 belijeran yo.

La justis pwononse l sou ensidan ki te enplike vedèt baskètball ameriken Ron Artest 5 Mas pase a ak madanm li. Yon juj nan Kalifòni di Artest pral patisipe nan yon pwogram travay. Artest kap jwe nan Sakramento Kings ap gen pou l fè 100 hèd-tan, 600 dola amand ak lòt ankò.

XS
SM
MD
LG