Accessibility links

Breaking News

Ronaldo Pap jwe Kopa Amerika a pou Brezil


Football

Antrenè seleksyon Brezil la Dunga anonse Ronaldo pap fè pati seleksyon nasyonal ki pral patisipe nan Kopa Amerika a O Venezuela an Juyè pwochen pou pèmèt li obsève lòt atakan. Dunga di li deja konnen sa Ronaldo kapab renmèt e li kapab konvoke l nenpòt jou nan seleksyon an.

Federasyon Endonezi a anonse plan pou l jwe yon seri de match amikal avan je azyatik yo an Juyè. Endonezi ap rankontre Hong Kong 1 Jwen, Sengapour le 3 Jwen epi Urugwe le 6 Jwen. Endonezi gen pou l jwe kont Emirat Arab Uni yo le 30 Jwen. Match kont Hong Kong nan ranplase rankont amikal Endonezi te dwe jwe kont Jordani. Endonezi ap òganize koup Azyatik la ansanm ak Malezi, Tailand ak Vyetnam soti 7 pou rive 29 Juyè. Endonezi nan group D a ansanm ak Baren, Kore du Sud ak Arabi Sawoudit.

Yon defansè ekip Liverpool fè konnen jwè yo dwe pran pasyans lè yap rankontre Chelsea jodi a nan kad semi final retou Lig dè Chanpyon Eropeyen an. Chelsea ap vin jwe rankont la apre li te ranpòte match ale a 1 a 0. Liverpool bezwen yon viktwa ak 2 bu dekar si l vle kalifye pou final la nan vil Atè n an Grès.

Ansyen antrenè Boca Junior a Ricardo Lavolpe ap nan tèt ekip Velez Sarfield ki pral rankontre Boca Junior nan 8 tièm de final Kopa Libertadores de America a demen Mèkredi.

Antrenè seleksyon Itali a Roberto Donadoni fè konnen gen twòp jwè etranje kap evolye nan chanpyona premyè divizyon Italyen an. Donadoni fè konnen nan epòk li te footballè te gen sèlman 3 etranjè pa klub. Msye te site an exampl Inter de Milan gen sèlman yon jwè Italyen.Msye di kantite a pa ta dwe depase 5 jwè par klub.

Basketball

Washington Wizards elimine nan faz final NBA apre Cleveland Cavaliers ranpòte 4 trièm viktwa a 97 a 90. Cavaliers yo ranpòte seri a 4 viktwa 0 defèt.San Antonio Spurs kale Denver Nuggets pou l domine seri 7 match la ak 3 viktwa kont 1 defèt. Hoston Rockets te fè anpil efò avan li kale Utah Jazz 96 a 92 pou l domine seri a a 3 viktwa kont 2 defèt. Aswè a New Jersey Nets pral lakay Toronto Raptors. Nets yo, kap domine seri a 3 viktwa 1 defèt, bezwen 1 viktwa pou l ranpòte seri a. Golden State Warriors pral lakay Dallas Marvericks. Warriors yo ap domine seri a 3 viktwa 1 defèt.

Responsab NBA a David Stern di li kwè kantite ekip ki gen nan lig NBA a swa yon total 30. Msye Stern fè konnen posibilite pou devlope nouvo ekip an chin pap pran twòp tan. Msye Stern di kapab genyen yon nouvo lig basketball an chin apre je zolenpik Peken 2008 yo epi yo kontinan Eropeyen an disi 20 tan.

XS
SM
MD
LG