Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a Di Li Satisfè ak Dewoulman Eleksyon Ki Fèt Dimanch 29 Avril la


Ann Ayiti, plizyè mounn t al vote nan eleksyon ki dewoule dimanch 29 avril la nan plizyè zòn. Korespondan nou Clarens Renois ap bay eksplikasyon nan mikro Jean-Pierre Leroy.

Fòs de lòd yo nan nò peyi d’Ayiti pa revele oken pwoblèm nan zòn kote eleksyon te dewoule Dimanch la. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen detay depi vil Kapayisyen.

Nan rejyon latibonit la, la polis arete 2 moun pandan dewoulman eleksyon konplemantè yo Dimanch la. Korespondan nou Alfred Jean gen detay.

Anfen, yon prèt katolik trouve l nan prizon nan rejyon sid peyi d’Ayiti anba akizasyon deske li ta enplike nan yon ensandi nan yon legliz. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar ap eksplike.

Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj korespondan nou yo sou aktyalite a ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG