Accessibility links

Breaking News

Koup du Mond la 2010 la Kapab Dewoule nan yon lot Peyi


Football

Prezidan FIFA a Sepp Blatter rale bak sou posibilite pou koup du mond la pa ta dewoule an Afrik du Sud apre li mansyone yon seri de peyi ki kapab òganize yon koup du mond dan 2 jou ou byen dan 2 mwa. Msye Blatter ki tap pale sou chèn televizyon BBC site Etazuni, Meksik ak Japon kòm priyorite pandan li pa ekate Ostrali ak Angletè akoz kantite stad peyi sa yo genyen ansanm ak Espay. Msye Blatter, ki pat vle di dirèkteman si Afrik du Sud nan lenposibilite pou l òganize koup du mond la an 2010, di li evoke posibilite a nan ka ta gen yon katastròf ou byen yon lòt fenomèn naturèl. Pou kounye a koup du mond la toujou ap dewoule an Afrik du Sud malgre retard nan konstruksyon stad yo ak ensekurite peyi a ap fè fas.

Nan lig dè chanpyon an klub Angle Liverpool dwe fè plis efò lè lap rankontre nan semi final retou Lig dè chanpyon an ak Chelsea ki tge ranpòte match ale a 1 a 0. Match la fikse pou demen Madi a lakay Liverpool ki bezwen yon viktwa ak 2 gòl pou pipiti pou l kalifye.

Ansyen gadyen seleksyon franse Fabien Barthez anonse entansyonn pou l kite FC Nantes apre defèt 2 a 0 klub la subi devan Rennes yè Dimanch la akoz li pa santi l an sekurite. Nantes klase an dènye pozisyon nan chanpyona premyè divizyon franse a.

Gòl footbalè Kamerounè Samuel Eto’o make an favè Barselòn devan Levante pèmèt ekip la konsève chans pou l ranpòte chanpyona premyè divizyon espayòl la ak yon pwen devan FC Seville. An Angletè Chelsea rache yon match nul 2 a 2 devan Bolton. An Oland PSV Eindoven ranpòte chanpyona premyè divizyon an, devan Ajax Amsterda m gras ak yon swif 5 a 1 yo pase Vitesse Arnheim. An Frans Girondin de Bordeaux klase 2 zièm apre yo kale Racing de Lens 1 a 0.

DC United ki te ranpòte Konferans de lès sezon regulye ameriken an klase avan dènye nan zò n nan apre li pèdu 1 a 0 devan Colombus Crew Samdi. New York RedBulls pataje premye plas ansanm ak Chikago Fire ak 10 pwen yo chak apre 4 trièm semen chanpyona a.

Judo

Ayiti ranpòte 7 meday--5 an arjan ak 2 bronz nan Tounwa Judo Karayib la ki sot dewoule nan Kuba men atlèt ayisyen yo pat ranpòte oken meday nan tounwa Ramon Rodriguez la ki te dewoule 2 jou avan. Josuee Deprez, Gerdine Mathieu, Gina Sully, Manoucheka Hogarth ak Rubens Nicolas ranpòte meday darjan. Nadjeda Gena ak Raymond Daguilh konsole yo ak meday de bronz la. Pwochen soti a Ayiti pral patisipe nan Je Alba soti 6 pou rive 13 Me O Venezuela.

Basketball

Franse Joakim Noah, ki ranpòte chanpyona basketball Univèsitè yo 2 fwa ak Univèsite Florid anonse entansyonn pou l patisipe nan seleksyon jwè pou nouvo sezon NBA a. Noah ki mezure 2 mèt 10, ta renmen jwe nan New York Knicks vil natal li malgre ekip tankou Memphis, Detroit, Philadelphia 76ers, Portland Trail Blazers ak Milwaukee ta renmen gen sèvis pitit ansyen tenisman franse Yanik Noah.

Pral gen yon nouvo chanpyon nan NBA a ane sa a apre Chikago Bulls ranpòte seri 7 match la devan chanpyon sòtan an Miami Heat ki pèdu 4 trièm rankont la 92 a 79 fas a Chikago Bulls. Miami Heat tounen premye chanpyon an tit an 50 tan ki pèdu 4 premye rankont nan premye tou a--dènye fwa sa te fèt se te an 1957 lè Philadelphia Warriors. Dallas Mavericks kapab elimine nan sezon malgre bèl pèfòmans yo te renmèt pandan sezon regulye a. Mavericks yo pèdu devan Golden State Warriors 103 a 99 gras ak 33 pwen Baron Davis make. Golden State kapab kalifye si yo ranpòte rankont demen Madi a. Toujou yè Dimanch la New Jersey Nets pilon-nen Toronto Raptors 102 a 81 epi Phoenix Suns pat bay Los Anjeles Lakers 113 a 100. Nets yo bezwen yon viktwa demen Madi a.

Chin/ Olympics/ Amnisty International

Gwoup dwazumen Human Rights ki baze nan vil Lond di abu dwazumen vinn pi grav an chin malgre pwomès otorite yo fè pou amelyore kondisyon avan dewoulman je zolenpik yo. Rapò ki publiye jodi a akuze la chin ki pa rive amelyore dosye dwazumen. Group la eksprime kè sote l sou tretman moun otorite yo fòse abandone kay yo nan vil Peken pou fè plas pou enstalasyon edifis pou je yo san bliye kantite moun kap viv an rezidans surveye. Minis Afè etranjè chinwa a, ki rejte rapò a, di otorite yo sèlman ap kenbe pwomès yo te fè pou akeyi evenman an an 2008.

Tennis

Pa gen gwo chanjman nan klasman tounwa tenis pwofesyonèl ATP a ki publiye jodi a kote Swis Roger Federer, espayòl Rafael Nadal ameriken Andy Roddick, Rus Nikolay Davidenko ak Sèb Novak Djokovic konplete lis 5 premyè jwè tenis mondyal maskulen an. Bò kote meda m yo, Bèlj Justine Hardenne, rus Maria Sharapova, franse Amelie Mauresmo, bèlj Kim Clijsters ak Rus Svelatna Kuznetsova konplete lis 5 meyè jwè tenis feminen sou tè a. Serena Williams ki klase 12 zièm jwè mondyal, se premye ameriken nan lis la.

Espayòl Rafael Nadal ranpòte tounwa tenis Barcelòn nan pou yon 3 zièm ane youn dèyè lòt gras ak 2 kout rakèt li pase arjanten Guillermo Canas 6-3, 6-4.

Arjanten Gisela Dulko ranpòte tounwa tenis feminen ki tap dewoule nan Budapest apre li kale woumen Sorana Cirstea 6-7, 6-2, 6-2. Manmzèl foure nan bous li prèske 26 mil dola pou viktwa a.

Atletisme

Rogers Rop te nan tèt 6 atlèt Kenyan ki fini Marathon Hambourg la yè Dimanch la an Almay. Kenyan Luke Kibet ranpòte maraton Vyèn nan devan konpatriòt li James Mwangi ak Abel Kirui-tout se atlèt Kenyan. Woumèn Luminita Talpos ranpòte kategori meda m yo devan Etyopyèn Martha Markos ak Otrichyen Susanne Pumper.

Cyclisme/ Dopaj

Reprezantan venkè kous bisiklèt Tour de Frans edisyon 2006 la Flyod Landis akuze laboratwa franse ki te fè tès anti dopaj la kòm kwa li ta detwi done echantiyon urin nan. Ameriken an te teste pozitif akoz ormòn elve nan urin li. Direktè Ajans Antidopaj franse a mande espè endepandan pou verifye si laboratwa a te byen jere tès la men yo pa fè kòmantè sou akuzasyon an.

Natasyon

Najè Rus Anatoli Poliakov anba suspansyon an atandan yon odisyon fèt pou dopaj pozitif. Federasyon Natasyon Entènasyonal la ( FINA) fè anons la semen pase a apre yo jwen yon pwodui dopan nan urin najè pandan chanpyona Helsinki a. Si responsab yo jwen Poliakov koupab, li kapab resevwa yon suspansyon 2 zan.

XS
SM
MD
LG