Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Japon Mande Pou Kore di Nò Sispan Pwogram Nikleyè l la


Prezidan George Bush rankontre vandredi ak premye minis Japonè a Shinzo Abe nan kay vakans prezidan ameriken yo nan Camp David tou prè Washington. Aprè rankont la, 2 lidè yo bay yon konferans de près kote Msye Bush deklare yo fè diskisyon sou plizyè kesyon, surtou fas-a-fas ak Kore di nò a akoz pwogram nikleyè nasyon sila a:

Prezidan Bush di “nou pase anpil tan ap pale de Kore di nò e nou pale tou de dezir nou tou 2 genyen pou n wè kore di nò respekte obligasyon l yo. Patnè nou yo nan negosyasyon ant 6 peyi yo trè pasyan. Sepandan, pasyans nou an gen yon limit. Nou atann nou aske Kore di nò respekte tout angajman li te pran nan kad akò li te siyen nan dat 13 fevriye a.”

Premye minis Japonè a, Shinzo Abe, bò kote pa l, mete ansanm ak prezidan Bush pou yo mande Kore di nò abandone pwogram zam nikleyè l la. Msye Abe pwofite eksprime apresyasyon li pou bonjan relasyon peyi li Japon genyen avèk Etazini. Pandan konferans la, lidè Japonè a deklare a travè yon entèprèt ranfòsman relasyon ant 2 peyi yo se objektif prensipal vizit li nan Washington.

Msye Abe di“pi gwo objektif vizit li ozetazini fwa sa a se pou reafime yon alyans iranplasab ant Japon ak Etazini e pou fè l grandi e pou fè alyans inebranlab sa a vinn pi djanm.”

Premye minis japonè a rive ozetazini jedi a nan kad premye vizit li nan peyi a depi l te vinn chèf gouvènman japonè a ane pase. Nan menm jounen jedi a, li te gen yon dine ak prezidan Bush nan la mezon blanch.

Klike sou lyen anlè a pou w koute deklarasyon 2 lidè yo fè nan Washington.

XS
SM
MD
LG