Accessibility links

Breaking News

La Chin Publiye Pakour Tòch Olympic la


Sport / Peken 2008

La Chin anonse parkour relè flanbo olenpik la pral swiv avan li rive nan kapital la Peken. Tòch la ap soti nan vil Atè n an Grès e lap kouvri yon distans 137 mil kilomèt nan 5 kontinan avan li travèse tout la Chin. Responsab yo anonse nan fen parkour la tòch la ap soti nan Ho Chi Minh City epi Taipei kapital Taiwan avan li antre an chin. Sou teritwa chinwa a tòch ap pase nan Tibet ansanm ak yon eskal sou Mont Everst. Taiwan, ke la chin konsidere kòm yon pwovens an rebelyon, dakò pou tòch la soti nan yon lòt peyi pou travèse teritwa l.

Football

Espay kapab gen 2 klub nan final Koup UEFA a a mwens ke klub Alman Werder de Brèm fren-nen posibilite a. Chanpyon sotan an Seville pral lakay Osasuna nan semi final ale a- pandan ke Werder de Brèm pral mate balon lakay Espayòl. Match retou a fikse pou Jedi pwochen. Venkè yo ap rankontre an final le 16 Me nan Glasgow.

Chelsea ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Liverpool nan kad semi ale chanpyona lig dè chanpyon Eropeyen an. Manchester United te kale Milan AC 3 a 2 Madi pase nan lòt semi final la.

Ansyen antrenè alman Jurgen Klismann ap kòmanse yon nouvo karyè a pati de sezon pwochè n kòm kòmantatè televizyon nan Bundersliga a et menm retransmèt rankont entènasyonal. Kontra a siyen pou 2 zan men nouvèl pa bay detay sou aspè finansye a.

Atletisme

Komite Olenpik ameriken an kòmanse chita pale preliminè ak Iran pou pèmèt kèk lutè ak lòt atlèt vin antrene Ozetazuni nan kad preparatif pou je 3zolenpik Peken 2008 yo--planifikasyon sa a ap fèt nan moman gen yon tidife boule ant Etazuni ak Iran. Komite Olempik ameriken an ap diskute ak plizyè lòt peyi pami yo la chin pou vinn antrene isit Ozetazuni. La Chin di li espere depase Etazuni nan tablo meday yo pandan je zolempik Peken 2008 yo. Chinwa yo di kantite lekòl spòtif yo genyen kapab ede yo atenn objektif la.

Olympic /Dopaj

Komite Olenpik Italyen an konvoke siklis Italyen Michele Scarponi nan yon odisyon Mèkredi pwochen pou swa dizan patisipasyon nan yon skandal dopaj an Espay. Gen lòt atlèt Italyen ki gen pou prezante devan komisyon dopaj Italyen an.

Tennis

Franse Amelie Loit ak Ongwa Agnes Szavay kalifye pou kar de final tounwa tenis Gaz de Frans kap dewoule nan Budapest. Espayòl Rafael Nadal pat rankontre difikilte pou l kalifye pou kar de final tounwa tenis an tè batu Barselòn nan apre li elimine Swedwa Thomas Johansson an 2 manch 6-1, 6-4. Nadal pral rankontre ak Italyen Potito Starace ki elimine arjanten Juan Ignacio Chela 6-4, 7-6.

Basketball

Dallas Marvericks kale Golden State Warriors 112 a 99 pou l egalize seri 7 match faz final nan konferans de lwès la. 3 zièm rankont la ajwe Vandredi nan Oakland. Nan lòt rankont San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Denver Nuggets 97 a 88 pou mete seri a ak yon viktwa patou. Nan konferans de Lès la Cleveland Cavaliers pran yon avantaj 2 a 0 devan Washington Wizards ak yon viktwa 109 a 102. 2 belijeran yo ap rankontre Samdi isit Washington.

XS
SM
MD
LG