Accessibility links

Breaking News

Komite Olenpik Entènasyonal la Radye Six Atlèt Otrichyen


Olympic/ Otrich

Komite Olempik Entènasyonal la entèdi 6 atlèt manb ekip olenpik dhivè Otrichyen an pou yon dure endetèmine apre yo te suprann yo ak materyèl dopaj ak drugs pandan je zolempik dhyvè ki sot dewoule nan vil Turen ane pase. Responsab yo anonse desizyon an jodi a nan vil Peken an Chin.

Tennis

Numewo 4 tenis maskulen mondyal la Nikolay Davydenko kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Open Barselòn nan apre li pase Rus Yuri Schukin 6-4, 3-6, 6-2 pou l rankontre Italuyen Filippo Volandri ki elimine espayöl Nicolas Almagro 6-7, 6-4, 6-1.

Jwè tenis Italyen Tathiana Garbin abandone tounwa tenis Gaz de Frans Budapest Grand Priz akoz yon dechirur.

Basketball

Chikago Bulls bay Miami Heat yon 2 zièm rakle nan faz final NBA yè swa ak yon swif 107 a 89. 3 zièm rankont la ap jwe nan Miami Vandredi. Nan lòt rankont nan konferans de Lès la Toronto Raptors egalize seri 7 match fas a New Jersey Nets ke li kale 89 a83. 3 zièm rankont la fikse pou Vandredi nan New Jersey. Nan konferans de Lwès Phoenix Suns danse sou Los Anjeles Lakers 126 a 98 gras ak 26 pwen Leandro Barbosa make an favè Phoenix Suns. 2 belijeran yo ap rankontre demen Jedi an nan Los Anjeles. Phoenix Suns ap domine seri a ak 2 viktwa.

Responsab yo nan Seattle Supersonics fè yon pase men nan ekip la pou revoke antrenè a Bob Hill ak administratè jeneral la Rick Sund apre ekip la fini sezon an ak yon move palmarès 31 viktwa 51 defèt.

Sam Mitchell non-men kòm meyè antrenè pou ane a apre li ede Toronto Raptors kalifye pou faz final la ak yon rekò 47 viktwa.

Football

Manchester United remonte yon defisi pou l kale Milan AC 3 a 2 nan semi final ale lig dè chanpyon Eropeyen an. Match retou a fikse pou 2 Me. Brezilyen Kaka ki make 2 gòl pou Milanè yo, kwè toujou gen chans pou nwa e wouj yo kalifye pou final la. Jodi a lòt semi final la ap mete bab pou bab Chelsea fas a Liverpool. Ivwaryen Didier Drogba ap jwe 56 zièm rankont li pou sezon an an favè Chelsea.

Bò kote pa l antrenè seleksyon franse a Raymond Domenech mande pou pwoteje football la kont lajan akoz tandans ki genyen pou privatize spò a. Domenech di football tankou yon machin ki gen 2 vitès--lajan kap soti tout kote epi presyon swa dizan G- 14 pi gwo ekip Eropeyen yo ap fè pandan yo bliye fonksyon sosyal football genyen pou jè n yo. Domenech ekate lide pou dedomaje jwè seleksyon nasyonal yo. Msye di sa ta pral vle di yon reajusteman budjè leta dispoze pou devlopman football nasyonal la sutou lè footballè deja ap evolye aletranje.

Domenech di li an favè pou teste jwè yo men tou klub yo, antrenè, medsen yo tout dwe peye konsekans la tou e non footbalè yo sèlman.

Yon lòt kote tribunal Abritral Spò a rejte jodi a apèl klub Turk Galatasaray SK te fè kont desizyon FIFA pran nan dosye Frank Ribery a. Selon desizyon FIFA a footbalè franse a te rezilye kontra travay ak klub la pou motif oken nan 2 pati yo pat gen dwa a domaj e enterè.

XS
SM
MD
LG