Accessibility links

Breaking News

Lafrans Vote: Sarkozy ak Royal Nan Dezyèm Tou!


Gwo nouvèl la, nan eleksyon ki dewoule dimanch 22 avril la nan Egzagòn nan, se pètèt gwo pousantaj patisipasyon pèp la, swa omwen 75-pousan, e menm jiska 80-pousan dapre kèk opinyon. Pa mwens ke 45 milyon moun te enskri pou vote jodi a nan peyi Lafrans pou chwazi yon nouvo chèf leta pami 12 kandida. Nan tèt lis favori-yo, nou te jwenn kandida zèl dwat Nicolas Sarkozy, ki gen apui Prezidan Jacques Chirac, ak reprezantan opozisyon sosyalis la, Segolène Royal. Apre sa, te gen santris François Bayrou ak kandida ekstrèm-dwat Jn-Marie Le Pen.

Premye rezilta yo pa pote okenn sipriz, paske se ansyen minis enteryè a (Sarkozy) ak madam Royal ki pral toke kòn yo dimanch 6 me k'ap vini an, nan dezyèm tou prezidansyèl la.

Depi aswè a, atansyon tout moun vire sou nimewo 3 nan kous la, kandida UDF la, François Bayrou, paske li gen ase vwa pou l'fè balans la panche nan yon sans ou nan lòt la, akondisyon li kenbe elektora li a ansanm. Plizyè analis, ki baze opinyon yo sou tandans istorik pati UDF la, predi se Sarkozy Bayrou pral apiye nan dezyèm tou a. Sepandan, anyen poko fin jwe. Eleman lagoch ki te vote pou kandida santris la dimanch 22 avril la kapab pa retwouve yo nan yon Nicolas Sarkozy ki pi pre ekstrèm-dwat la sou kèk dosye (imigrasyon, pa egzanp).

Redaktè-an-Chèf Afrik.com, yon jounal ki parèt chak jou sou Internet, ap ede nou pi byen konprann reyalite politik fransèz la, apre dewoulman premye tou a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute ti kozman Franck Salin te fè ak Sèvis Kreyòl Vwadlamerik la.

XS
SM
MD
LG