Accessibility links

Breaking News

Etazini Siyen Yon Akò Pou Plis Pase 6 Milyon Dola ak Ayiti


Anbasadè ameriken an ann Ayiti, Janet Sanderson, siyen ak gouvènman ayisyen an yon akò kote Lèzetazini ofri Ayiti yon èd pou plis pase 6 milyon dola. Seremoni siyati akò a dewoule lendi 16 avril la nan Pòtoprens, e objektif asistans sa a se ede Ayiti peye dèt entènasyonal li.

Yon lòt kote, manm palman ayisyen an ap reyini madi 17 avril la pou yo apwouve akò gouvènman Préval-Alexis a siyen avèk enstitisyuon finansye entènasyonal yo.

Anfen, Premye Minis Jacques Edouard Alexis prezante yon brèf evalyasyon sou reyalizasyon gouvènman n nan aprè 10 mwa sou pouvwa a.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk korespondan nou yo nan peyi Dayiti.

XS
SM
MD
LG