Accessibility links

Breaking News

Fiziyad nan Univèsite Virginia Tech:33 Moun Omwens Mouri nan Atak la.


Yon nèg ak zam touye 33 mounn pou pipiti nan yon univèsite nan vil Blacksburg, Eta Virjini, isit Ozetazini. Se fiziyad ki fè plis viktim nan istwa peyi a. Nèg ak zam nan jwenn lanmò li tou e sa mete bilan viktim yo nan aksyon an. Chèf polis zòn nan di jounalis yo plizyè mounn blese e kèk ladan yo blese grav. Yo transpòte yo nan lopital. Plizyè nan viktim yo se etidyan ki mouri anba bal pandan yo te nan sal klas yo. Prezidan Bush
eksprime senpati li bay fanmi viktim yo.

"Mwen pale ak gouvènè eta Virjini an, Tim Kane, e prezidan inivèsite “Virginia Tech la” Charles Steger. Mwen di yo ke Laura avèk mwen ak plizyè mounn nan nasyon nou an ap priye pou viktim yo ak fanmi yo e ak tout manm kominote inivèsite a ki santi yo devaste akòz trajedi tèrib sa a. Mwen di yo administrasyon mwen an pral fè tout sa k' posib pou ede mennen ankèt sou zafè a e mwen pwomèt nap prè pou n' ede otorite lokal yo ak kominote lokal la nenpòt jan nou kapab pandan peryòd lapenn sa a"

Prezidan Bush kontinye pou l' di ensidan sa a ap gen yon enpak sou chak lòt sal klas nan peyi-a: "Lekòl fèt pou l' yon kote ki gen sekirite e yon kote pou mounn aprann. Lè yo vyole sekirite sa a, chak sal klas e chak kominote ozetazini ap santi enpak la."

Anketè yo ap chèche detèmine si nèg ak zam nan ki te touye pròp tèt li oubyen si se la polis ki te touye l. Otorite yo poko konnen motif fiziyad sila a.

XS
SM
MD
LG