Accessibility links

Breaking News

FIFA pral Envesti nan Football an End


Football

FIFA anonse plan pou l envesti plizyè santè n milyon dola pou devlope football an End dapre prezidan òganizasyon football entènasyonal la Sepp Blatter. End klase 165 mondyal nan klasman FIFA a ant Andorre e Lesotho. Msye Blatter di entansyonn se pa pou raplase Cricket-spò numewo 1 peyi a. Kanpay la rele: “Viktwa an End aven End.” Federasyon Football End la ap lanse yon lig pwofesyonèl an Oktòb ak patisipasyon 10 klub.

D.C United pèdu match douvètu a domisil fas a Kansas City Wizards 4 a 2. Kolorado Rapids fè match nul 1 a 1 ak Chikago Fire. Kolonbus Crew fè match nul 0 a 0 ak Real Salt Lake. New York Red Bulls pilon-nen FC Dallas 3 a 0. New England Revolution danse sou Toronto Football Klub 4 a 0.

Milan AC antre pami kalifye pou Lig dè chanpyon Eropeyen an apre viktwa 3 a 1 li ranpote devan Messine. Nap raple Milan AC te kòmasne sezon an ak yon penalite 8 pwen pou magouy yo te fè nan chanpyona a. Viktwa a mete Milanè yo an 4 trièm pozisyon avèk 50 pwen. Inter de Milan fè match nul 2 a 2 ak Palerme-yon rezulta ki pa ranje zafè Inter de Milan malgre yo nan tèt chanpyona ak 81 pwen. AS Wòm krabinen Sampdoria de Jè n 4 a 0 pou l klase an 2 zièm pozisyon ak 65 pwen.

Viktwa 1 a 0 FC Barselòn ranpòte devan Majorque konfòte l kòm lidè chanpyona a ak 4 pwen davans devan FC Seville ki pèdu 2 a 1 devan Valans. Real Madrid toujou klase 3 zièm ak 54 pwen men fè yon retrè apre defèt 2 a 1 yo subi Samdi devan Real Santander.

An Almay viktwa 2 a 1 Bayern de Munich ranpòte devan Bayer Leverkusen pèmèt gadyen an Oliver Kahn bat yon nouvo rekò nan Bundersliga a kòm footbalè ki ranpòte plis viktwa swa yon total 292 viktwa an 528 match. Rekò sa a depase Manfred Kaltz ki te konn jwen nan Hambourg e ki te kapitalize 291 viktwa pandan 581 rankont. Ansyen Mitan teren Bayern de Munich la Lothar Mattaeus ak gadyen Sepp Maier klase an 3 zièm pozisyon ak 249 viktwa pou 464 match an favè Mattaeus e 473 pou Maier.

Prezidan federasyon Football Alman an rankontre ak Prezidan Unyon Football Eropeyen an franse Michel Platini pou amelyore dezakò ki genyen ant 2 antit football yo. Responsab alman di Michel Platini yap kore refòm òganizasyon football Erioeyen an vle mete sou pye. Almay pat vote an favè Michel Platini nan tèt Unyon Football Eropeyen an.

Tennis

Klasman tenis mondyal boulvèse nan kategori feminen an ki publiye jodi a aksepte 6 premye yo. Justine Henin se numewo 1 mondyal feminen answit nou jwen Rus Maria Sharapova, Franse Amelie Mauresmo, Bèlj Kim Clijsters, Rus Svetlana Kuznetsova ak Swis Martina Hingis. Nouvo klase nou Sèb Jelena Jankovic klase numewo 7. Tchèk Nicole Vaidisova Rus Nadia Petrova ak Dinara Safina konplete lis 10 jwè tenis pwofesyonèl yo.

Pa vrèman gen chanjman bò kote mesye yo kote Swis Roger Federer toujou klase numewo 1 ak yon gwo marj. Sèl chanjman pami 10 premye yo se Britanik Andy Murray ki klase numewo 10 nan plas Alman Tommy Haas ki klase numewo 11 mondyal.

Numewo 1 tenis mondyal la Swis Roger Federer ansanm ak numewo 2 a Espayol̀ Rafael Nadal figure pami jwè ki kouche an kwat kont pwojè refont kalandriye Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la an pati de 2009. Pami mezu yo se deklasman plizyè tounwa tenis an tè batu. Responsab yo di yo ta renmen redui tounwa dè mèt yo soti 9 pou mete l a 8

Kwat Ivo Karlovic ranpòte premye tounwa tenis tenis pwofesyonèl nan karyè l apre li kale Arjanten Mariano Zabaleta 6-4, 6-1 nan tounwa tenis an tè batu ki soti dewoule nan Houston Tekzas.

Sèb Jelena Jankovic kale Rus Dinara Safina 6-2, 6-2 pou l ranpòte tounwa tenis Sèk Familyal la ki sot dewoule nan Charleston an Karolin du Sud. Manmzèl foure nan bous li yon chèk anviwon 197 mil dola pou viktwa a.

Espayòl Nicolas Almagro kale Italyen Potito Starace an 3 manch 4-6, 6-2, 6-1 pou l ranpòte final tounwa tenis Valans la

Ateltisme

Kourè Kenyan Nephat Kinyanjui ranpòte pou yon 2 fwa afile maraton ki sot dewoule nan Nagano Japon. Kinyanjui fini devan Rus Georiy Andreyev menm lè tou 2 fini an mè m tan 2 zhè--27 minit--48 sekond.. An Oland Joshua Chelanga tounen 9 kenyan ki ranpote maraton Roterda m. An Frans Mubarak Shami yon sitwayen Katar ranpòte maraton Pari a devan chanpyon sòtan an Etyopyen Gashaw Melese. Etyopyen Tafa Magarsa ranpòte kategori meda m yo devan Rus Gulnara Vigovkaya.

Basketball

Los Anjeles Lakers kalifye pou faz final NBA a apre viktwa supriz li ranpòte devan Seattle Supersonics 109 a 98. Pou yon 10 zièm fwa Kobe Bryant make 50 pwen pou pipiti. Orlando Majik kalifye tou pou faz final la apre viktwa supriz li ranpòte devan Boston Celtics 88 a 86. Dallas Marvericks te fè anpil efò avan li kale San Antonio Spurs 91 a 86. Chikago Bulls danse sou Washington Wizards 101 a 68. Golden State Warriors pilon-nen Minnesota Timberwolves 121 a 108 pou l konsève 8 tièm e dènye plas la. Sakramento Kings, New Jersey Nets, Toronto Raptors ak Philadelphia 76ers yo tout ranpòte la viktwa. Sezon regulye a ap fini Mèkredi ak 8 premye ekip nan chak konferans ap kalifye pou faz final la kap kòmanse Samdi.

XS
SM
MD
LG