Accessibility links

Breaking News

Ayiti: KEP a Mande Otorite yo Garanti Sekirite Pou Eleksyon 29 Avril la


Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Max Mathurin, deklare KEP a pran tout dispozisyon pou eleksyon repechaj 29 avril la dewoule kòmsadwatèt.

Li di yo pa vle pou pwoblèm ki te lakòz vòt la gate nan kèk lokalite 3 desanm pase a ta repete ankò.

Msye Mathurin lanse yon apèl bay Lapolis ak MINUSTAH pou yo bay bon jan sekirite pou popilasyon an ka al akonpli devwa sivik li san pwoblèm nan fen mwa a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute yon repòtaj Rotchild François, Jr.

XS
SM
MD
LG