Accessibility links

Breaking News

Pap Benwa XVI Selebre 80èm Anivèsè Nesans li


Chèf legliz Katolik womèn nan, Pap Benwa XVI selebre yon gwo mès anivèsè jodi a nan Vatikan devan plizyè dizèn milye fidèl, yon jou anvan li ofisyèlman gen 80 zan sou tèt li. Epi, apre sa, 19 avril pral fè 2 zan depi Sen Pè a te ranplase defen Jan-Pòl II.

Nan selebrasyon dimanch 15 avril la, Dwayen Kadinal yo, A. Sodano, mande Souvren Pontif la toujou gide fidèl yo ak renmen, tankou li kòmanse fè li.

Bò kote pa l, Benwa XI te pran lapawòl pou li raple eleksyon n nanlane 2005, salwe memwa Jan-Pòl II, epi di Bondye mèsi poutèt l'ap ede l' charye responsablite li mete sou do li a.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w ka koute repòtaj korespondan nou Sabina Castelfranco.

XS
SM
MD
LG