Football
Nouvèl Zeland kalifye pou dènye plas koup du mond footbal feminen an kap dewoule an Chin apre yo danse sou Papua Nouvel Guine 7 a 1. Dènye fwa Nouvèl Zeland te patisipe nan yon koup du mond footbal feminen se te an premye edisyon an ki te dewoule an Chin an 1991. Edisyon ane sa a ap dewoule an Chin soti 10 pou rive 30 Septanb nan 5 vil chinwa. Tiraj osò a ap dewoule 22 Avil nan Wuhan kote 16 peyi yo ap divize an 4 group de 4. Dapre règleman yo 2 peyi ki soti nan menm konfederasyon pa kapab nan menm group eksepte Unyon Football Eropeyen an ki kapab genyen yon maksimò m 2 peyi
Federasyon football brezilyen an voye tout dokuman nesesè bay federasyon Football Entènasyonal la FIFA apre Kolonbi retire kandidatu l pou -l ta òganize koup du mond la an 2014. Brezil, ki se sèl kandida, gen pou l founi garanti gouvènman ak epi konplete dosye a disi fen Juyè. Menm lè tounwa a ap òganize an Amerik du Sud, prezidan FIFA a Sepp Blatter di endike konpetisyon kapab òganize lòt kote si enfrastruktu yo pa satisfè kondisyon yo. Enspektè FIFA yo gen pou vizite Brezil an Septab avan yo fè yon rapò an Novanm. Dènye fwa Brezil te òganize yon koup du mond se te an 1950. 3 koup du mond deja dewoule an Amerik du Sud-Urugwe an 1930, Chili an 1962 epi Arjantin an 1978.
Seleksyon football Japonè a ap akeyi Kolonbi ak Montenegro nan tounwa Koup Kirin nan mwa Jwen kap vini la a. Responsab yo di se dènye tounwa Japonè yo ap patisipe avan yo defann tit yo nan Koup Azyatik la kap dewoule an Juyè nan 4 peyi Malezi, Endonezi, Vyetnam ak Tailand. Japon trouve l nan menm group ak Katar, Emira Arab Uni yo ak Vyetnam. Venkè triyangulè a ap resevwa 100 mil dola--2 zièm nan 50 mil dola epi 3 zièm nan 10 mil dola.
Footballè Potugè Cristiano Ronaldo pwolonje kontral ak Manchester United juskan 2012--sa ki mete fen nan posibilite pou l ta transfere nan Real Madrid ki pat ezite ofri 107 milyon dola pou sèvis Pòtugè a.
Chanpyon an tit Koup Unyon Football Eropeyen an Seville kalifye pou semi final konpetisyon an apre match nul 2 a 2 yo fè ak klub angle Tottenham . Osasuna kalifye tou apre viktwa tou mens li ranpòte devan klub Alman Bayer Leverkusen. Espayòl jwen tikè l apre match nul 0 a 0 li fè ak Benfika. Werder de Brèm danse sou AZ Alkmaar 4 a 1.
Nan semi final ale a kap kòmanse 26 Avril Osasuna ap akeyi Seville epi Espayòl kont Werder de Brèm. Match retou a fikse pou 3 Me.
Doktè yo an Arjantin fè konnen Maradona an bòn kondisyon sante apre li te retounen lopital bonè maten an akoz yon doulè nan vant-2 jou apre doktè te ekzeyate l. Semen pase a doktè te entène ansyen footbalè a akoz li tap soufri ak epatik akoz li bwè twòp alkòl.
Foutbòl toujou : Yon afich somptueuse pou demi-final Lig Chanpyon-an : Milan Ac kont Manchester United epi Tchelsi kont Liverpool.
Basketball
Nan yon batay ki mete fas a fas 2 ekip basketball nan yon menm vil Los Anjeles Clippers pilon-nen Los Anjeles Lakers 118 a 110 malgre Kobe Bryant make 50 pwen. Viktwa a mete Clippers yo a egalite ak Golden State Warriors pou 8 tièm e dènye plas ki disponib nan konferans de Lwès la pou faz final la ak yon match edmi dèyè Lakers yo. Lebron James make 35 pwen pou ede Cleveland Cavaliers woule New Jersey Nets-Viktwa kap pèmèt Cleveland jwe plis match a domisil nan premye tou faz final la.
Tennis
Ameriken James Blake remonte yon defisi pou l kale konpatriòt li Alex Kuznetsov 7-6, 6-1 pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis an tè batu nan Houston Tekzas. Blake pral rankontre Arjanten Juan Monaco nan kar de final la apre li elimine ameriken Amer Delic 6-2, 6-3.