Accessibility links

Breaking News

Brezil Sanble Sèl Kandida Koup du Mond 2014 la


Football

Otorite Kolonbyen yo enfòme FIFA yo pap poze kandidatu pou akeyi koup du mond la an 2014. Federasyon an di supò pou Brezil akeyi konpetisyon an pi enpòtan nan moman delè pou peyi Amerik du Sud la fè konnen entansyon yo ap bout Lendi 16 Avril. Responsab Brezilyen yo kontan posibilite pou yo òganize yon koup du mond. Responsab yo di yo pral double efò yo pou ranpli kondisyon FIFA mande pou yon peyi òganize yon koup du mond tankou enfrastruktu, otèl ak stad yo.

Gen posibilite pou ansyon football brezilyen Edmundo vin jwe nan New York Red Bulls ane sa a apre pawòl kap pale depi yè Mèkredi a. Direktè teknik Red Bulls la Jeff Agoos pat vle fè kòmantè sou nouvèl la. Edmundo ap jwe aktyèlman nan Palmeiras kote li se meyè butè.

Nouvèl ki soti an Espay fè konnen Real Madrid ap pare pou l ofri Manchester United anviwon 107 milyon dola pou l jwen sèvis Pòtugè Cristiano Ronaldo pandan été a. Manchester United pa enterese nan pwopozisyon an.

Antrenè klub Angle Chelsea Jose Mourinho pa ekate posibilite pou l kite klub la pandan sezon été dapre deklarasyon li fè nan yon jounal espayòl. Mourinho di li toujou vle rete nan tèt ekip la men si volonte yon moun pa vle li pap gen oken pwoblèm fè malèt li. Pami klub Mourinho ta kapab al antrene se Real Madrid kap chache sèvis Pòtugè Cristiano Ronaldo. Chelsea kapab fè fas ak yon seri de lòt pwoblèm sutou nan liy datak la. Arjanten Hernan Crespo ap jwe pwovizwaman nan Inter de Milan epi Ivwaryen Didier Drogba ak Salomon Kalou pral patisipe nan koup dAfrik dè Nasyon an 2008 la.

Defansè brezilyen Roberto Carlos konfime jodi a desizyon pou l kite Real Madrid nan fen sezon an.

Otorite Polonè yo eksprime konfyans yo pou òganize koup dErop dè nasyon 2012 la an tandè m ak Ukrè n malgre chak peyi yo gen pwoblèm diferan. Enstabilite politik an Ukrè n epi eskandal korupsyon an Polòy. Unyon football Eropeyen an gen pou anonse òganizatè konpetisyon Mèkredi pwochen nan Cardiff. 3 finalis yo se Itali, kandidatu tèt ansanm ant Hongri ak Kwasi epi Polòy/ Ukrè n.

Klub Angle yo an majorite nan semi final Lig dè chanpyon an apre Liverpool ranpòte yon viktwa 1 a 0 kont PSV Eindhoven epi Milan AC suprann Bayern de Munich ak yon viktwa 2 a 0. Nan semi final la Liverpool pral match balon fas ak Chelsea 25 Avril ak1 Me epi Milan AC kont Manchester United 24 Avril e 2 Me.

Tennis

Alman Tommy Haas remonte yon defisi pou l kale amerken Sam Querrey 3-6, 6-3, 7-5 nan premye tou tounwa tenis an tè batu kap dewoule nan Houston Tekzas

Vedèt tenis ameriken Venus Williams te bezwen 49 minit pou l kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Sèk Familyal la kap dewoule nan Charleston Karolin du Sud. Williams wouze Rus Vasilisa Bardina ak 2 kout rakèt 6-2, 6-1 pou l al rankontre Taiwanè Chan Yung-Jan.

Basketball

Detroit Pistons ranpòte tit Divizyon Konferans de Lès la apre viktwa tou mens 104 a 99 yo ranpòte devan Orlando Majik. Vikwa a bay Detroit avantaj pou l jwe pifò rankont faz final la lakay li. Defèt la mete Orlando ak yon match an an avan devan Indiana Pacers ki kale Milwaukee Bucks 104 a 98. Miami Heat kale Washington Wizards ki an degraba 85 a 82 pou l ranpòte divizyon Sudès la. Lòt venkè yè Mèkredi a Dallas, Denver, San Antonio, Philadelphia 76ers, Phoenix Suns ak Houston.

XS
SM
MD
LG