Accessibility links

Breaking News

Yon Lidè Pwotestan Swete Gwoup Ame yo ann Ayiti va Remèt Zam yo Pou Kreye Kondisyon ki Nesesè Pou Envestisman Retounen nan Peyi a


Nan peyi Dayiti, prezidan Federasyon Pwotestant la, Edouard Paultre, lanse apèl pou l mande tout gwoup ame yo remèt zam yo, dekwa pou kreye kondisyon ki nesesè pou envestisman retounen nan peyi a. Nou va genyen devlopman tit sa a avèk korespondan nou nan Pòtoprens, RenanToussaint.

Yon lòt kote, jodi 6 avril 2007 la se Vandredi Sen, yon jou ki gen yon enpòtans espesyal pou kretyen yo -katolik kou pwotestan. Se jou kote, daprè tradisyon kretyen yo, Jezi Kri te mouri sou lakwa pou L sove lòm. Nan ekstrè yon pwogram espesyal ki pral pase nan emisyon 5 kè a, n ap tande opinyon Reveran Pè Fritz Bazin, dirijan L'Eglise Saint Paul et Les Martyres d'Haiti nan Miami (Florid) ak Reveran Villard Fils-Aimé, Pastè Première Eglise Baptiste d'Orlando (Florid).

Anfen, kijan jèn yo ann Ayiti obsève Jounen Vandredi Sen an avèk Fèt Pak la, jou rezirèksyon Kris la? Nou ta tande repons kèk jèn nan mikwo Jacquelin Bélizaire nan "Pawòl Timoun".

Klike sou lyen ki anlè a pou w tande repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG