Nan yon konferans-pou-laprès isit Washington, ansanm ak Premye-Minis ayisyen an Jacques Edouard Alexis, Sekretè-deta Condoleezza Rice anonse ke gouvènman Bush la pral ajoute 200 milyon dola sou asistans l'ap bay Ayiti pou ane 2007 la.
Lajan sa a pral sèvi nan pwojè pou mete stabilite nan katye cho kapital la Pòtoprens, dapre sa Jn-Pierre Leroy di nou nan repòtaj li a.
Yon lòt kote, Nimewo 2 OEA a, Albert Ramdin, di Lavwadlamerik li pral Pòtoprens 15 avril k'ap vini an pou li enstale Arthur Gray nan pòs reprezantan espesyal Sekretè-Jeneral José Miguel Insulza.
Nan peyi d Ayiti jodi a, responsab elektoral yo anonse yo ka chanje kèk eleman nan Dekrè-Lwa elektoral la, kote ki gen rapò ak vòt endirèk. Renan Toussaint gen detay.
Yvan Martin Jasmin nan vil Okap, ak Jn-Hernst Eliscar nan vil Okay, gen rès aktyalite a pou nou. Si ou vle koute tout repòtaj sa yo an detay, nèk fè klik sou ralonj ki anlè foto a.