Accessibility links

Breaking News

Florida Kont Ohio an Final Aswè a


Basketball

Aswè a Balon pral mate nan Atlanta Jorjia nan okazyon final Univèsite yo kote chanpyon sòtan nan Florida Gators ap fè fas ak Ohio State Buckeyes. Ekip yo Ohio a ap chache ranpòte tit chanpyon nasyonal la pou la premyè fwa depi 1947. Bò kote meda m yo Tennessee ap rankontre ak Rutgers nan final la demen Madi nan Cleveland Ohio

Phoenix Suns tronse Dallas 126 a 104. Mavericks toujou nan tèt klasman jeneral la ak 61 viktwa 12 defèt aloske Phoenix gen yon palmarès 55 viktwa-18 defèt. Toronto Raptors kalifye pou faz final la pou la premyè fwa depi 5 kan apre viktwa 107 a 94 Charlotte Bobscats. Washington Wizards danse sou Milwaukee Bucks 121 a 107 pandan ke Detroit Pistons tonbe devan Miami Heat 94 a 88. Lòt venkè yo se Chikago Bulls, Golden State Warriors, Utah Jazz, Boston Celtics, Minnesota Timberwolves, Indiana Pacers, Los Anjeles Lakers ak Denver Nuggets.

Natation

Ameriken Michael Phelps, ki jwen ti non mèt dlo, fè koukouwouj nan chanpyona du mond natasyon an an Ostrali apre li ranpòte 7 meday dò pami msye bat pwòp rekò du mond li nan kous 400 mèt la endividuèl la. Phelps te rate chans pou l te ranpòte yon 8 tièm meday nan kous 400 mèt relè a apre ekip la te diskalifye. Etazuni ranpòte yon total 21 meday an ò, 14 an arjan epi 5 bronz swa yon total 40 meday devan la Rusi ki ranmase 11 meday an ò, 6 an arjan epi 7 an bronz. Ostrali peyi ö̀òganizatè a klase 3 zièm ak 9 meday an ò, 7 an arjan ak 10 bronz.

Atletisme

Kourè Etyopyen Teyba Eskesso ranpòte kous 16 kilomèt Cherry Blossom ki te dewoule isit Washington yè Dimanch la devan Rus Tatyana Petrova ak Britanik Kathy Buttler. Pami mesye yo Etyopyen Tadesse Tola fini premye devan Tanzanyen John Yuda ak Kenyan John Korir.

Tennis

Jwè tenis Sèb Novak Djokovic kale an 3 manch arjanten Guillermo Canas nan tounwa tenis dè mèt Sony Ericsson nan e ranpòte premye tounwa tenis pwofesyonèl nan karyèl. Rezulta final la 6-3, 6-2, 6-4. Viktwa ki pèmèt Djokovic klase numewo 7 mondyal nan klasman ATP a ki publiye jodi a.

Ameriken Serena Williams kale numewo 1 tenis mondyal la bèlj Justine Henin 0-6, 7-5, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis Sony Ericsson ki tap dewoule nan Miami Florid. Manmzèl foure nan bous li plis pase 533 mil dola pou viktwa a. Serena klase numewo 18 mondyal apre viktwa a.

Football

Demen Madi a balon pral woule sou kontinan Eropeyen an nan okazyon match ale kar de final Lig dè chanpyon Eropeyen an. PSV Eindoven, ki gen yon seri de jwè blese ap rankontre ak Liverpool.

Suspen nan rekòmanse nan Bundersliga a an Almay apre viktwa 2 a 0 Bayern de Munich ranpòte devan Shalke 04 epi match nul Werder de Brem fè ak Energie Cottbus.

An Espay Real Madrid redui distans ki separe l nan chanpyona a apre viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Celta Vigo epi match nul 0 a 0 Seville fè ak Osasuna.

Responsab football yo nan Madagascar revoke antrenè seleksyon an franse Jean Paul Rossignol apre defèt seleksyon an subi devan Kot Divwar

XS
SM
MD
LG