Accessibility links

Breaking News

Tikè Koup Dò KONKAKAF la Kòmanse Vann


Football

Responsab yo nan KONKAKAF anonse tikè pou koup dò a an vant depi yè nan enstalasyon kote rankont yo pral dewoule.

Fifa anonse jodi vandredi-a ke 204 peyi ap patisipe nan eliminatwa Mondyal 2010-la ki pral dewoule nan peyi Afrik du-Sud. Kantite peyi sa-a reprezante yon nouvo rekò pou konpetisyon sa-a ki debouche sou pi gwo fèt spò sou la tè...nap pale de faz final mondyal FIFA-a. Ap genyen 5 peyi anplus pa rapò ak 2002. Gen sèlman 4 peyi ki manm FIFA kap absan nan konpetisyon sa-a:peyi sa-yo se : Boutan, Brubei, Laos ak Filippines.

Selon rapò anuèl Magazinn Forbes, Manchester United rete klub ki pi rich sou latè ak yon milya 9 milyon dola . Real Madrid vini an 2e pozisyon ak 779 milyon euwo. E yon klub anglè , Arsenal vini an 3e ak 687 milyon euwo.

Ansyen kapitèn Angle David Beckham fè konnen toujou gen posibilite pou Angletè kalifye pou faz final Ero 2008 la malgre seleksyon klase 4 trièm nan group la. Kapitèn Bayern de Munich la Oliver Khan aksepte suspansyon yon match apre ensidan pandan yon tès anti dopaj. Sa vle di Oliver Khan pap nan gòl la lè Bayern ap rankontre Milan AC nan kar de final Madi pwochen. Bayern te anonse li prale an apèl ak desizyon men abandone efò yo pou pèmèt ekip la konsantre sou kar de final lig dè chanpyon an ak rankont Bayern de Munik gen pou jwe demen Samdi a kont Shalke 04 nan Bundersliga a.

Basketball

Chikago Bulls kalifye pou yon 3 zièm ane afile nan faz final NBA apre viktwa supriz 83 a 81 yo ranpòte devan Detroit Pistons. Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Phoenix Suns 124 a 119 pou l konsève chans pou l kalifye pou faz final la ak yon match an reta dèyè Los Anjeles Clippers. Memphis Grizzlies te fè anpil efò pou l kale Portland Trail Blazers 96 a 92

West Virjini kale Clemson 78 a 73 pou l ranpòte tounwa basketball envitasyon spesyal kèk pami univèsite ki pa kalifye pou faz final NCAA a. Demen Samdi a semi final chanpyona nasyonal univèsite yo ap dewoule nan Atlanta Jorji kote Georgetown ap rankontre Ohio State epi chanpyon sòtan an Florida kont UCLA.

Tennis

Nan tounwa tenis Sony Ericsson nan Miami , amerikèn Serena Williams ki retounen an fòs nan sirkwi mondyal-la , kalifye ak anpil talan pou final konpetisyon sa-a . Li kale Izraelyèn Shahar Peer an 2 sèt : 7-6, 6-1 . Nan final-la demen samdi-a , Serena ap rankontre ak Numewo 1 tenis mondyal feminen Bèlj Justin Henin . Kay mesye-yo, nou gen rande-vou jodi-a ak demi-final-yo : ajanten Guillermo Canas kont koat Ivan Ljubikich ; britanik Anddy kont sèb Novak Djokkovitch.

XS
SM
MD
LG