Accessibility links

Breaking News

Federer Elimine nan Tounwa Tenis Miami an


Tennis

Pou yon 2 zièm fwa arjanten Guillermo Canas elimine numewo 1 mondyal la Swis Roger Federer nan 8 tièm de final tounwa a 7-6, 2-6, 7-6. Britanik Andy Murray remonte yon defisi pou l kale franse Paul Henry Mathieu pou l kalifye pou nan kar de final la.

Ameriken Serena Williams pat rankontre oken difikilte pou l kale Rus Maria Sharapova 6-1, 6-1 pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis Miami a. Serena pral rankontre ak Tchèk Nicole Vaidisova.

Basketball

Cleveland Cavaliers kalifye pou faz final NBA a apre li ranpòte yon viktwa tou mens devan Indiana Pacers 105 a 94. Nan lòt rankont Dallas Mavericks pilon-nen New Orleans Hornets 105 a 89. Minnesota Timberwolves tonbe devan Seattle Supersonics 114 a 106. Memphis Grizzlies suprann Los Anjeles Lakers ak yon viktwa de justès 88 a 86. Sa gen 2 semen Canas te elimine Federer nan tounwa tenis Indian Wells la.

Football

Brezil ranpòte yon viktwa tou mens devan Gana 1 a 0 nan kad yon match amikal entènasyonal ki jwe ant 2 seleksyon yo ki te rankontre nan 2 zièm tou koup du mond Almay 2006 la.

Komite ekzekutif FIFA a anonse Ejipt ap akeyi koup du mond football Juniò an 2009 pandan ke Nijerya ap òganize koup du mond kadè a an 2009. Koup Konfederasyon an ap dewoule an Afrik du Sud menm kote koup du mond la ap dewoule an 2010 sa vle di pral gen anpil aktivite football sou kontinan Afriken an.

An match amikal entènasyonal jodi a la Frans ap rankontre Otrich. Salvador ap rankontre Honduras.Venezuela ap akeyi Nouvèl Zeland. Afrik du Sud kont Bolivi. Almay kont Danmak. Yè la Chin kale Uzbekistan 3 a 1.

Nan eliminatwa Ero 2008 la Angletè ap rankontre ak Andor nan yon rankont enpòtan pou angle yo. Rankont la ap dewoule nan Barselòn an Espay. la Grès ap fè yon deplasman nan Malte kote li bezwen konsolide 2 zièm pozisyon li okipe nan group C a. La Oland ap jwe an deplasman lakay Sloveni. Turk yo ap akeyi Norvèj ki sot pèdu fas a Bosni. Turk yo bezwen yon viktwa pou rete nan kous la. Itali pral konnen destenn jodi a nan vil Bari kote lap akeyi Ekòs.

XS
SM
MD
LG