Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Kapab Ogmante Kont Atlèt kap Konsome Dròg


Atletisme

Federasyon Atletik Amatè Entènasyonal pou ogmante sanksyon kont atlèt kap konsome dròg pou 4 tran olye de 2 zan. Federasyon an vle pou pwopozisyon an fè pati pwochen vèsyon kod anti dopaj mondyal la ki dwe ratifye an Novanm pwochen.

Basketball

Georgetown remonte yon defisi 10 pwen pou l egalize ak North Carolina 81 a 81 e voye match la nan pwolongasyon nan final rejyonal NCAA a. Ti mesye Georgetown yo ki te ge konkou Jeff Green ak yon pitit Patrick Ewin pat janm gade dèyè tèlman yo pran kontwòl rankont la juskaske yon kale North Carolina 96 a 84 pou yo kalifye pou semi final chanpyona nasyonal basketball univèsitè yo. Chanpyon sòtan an Florida Gators pat rankontre difikilte pou l kale Oregon Duck 85 a 77. Samdi nan Atlanta Georgia Georgetown kont Ohio State epi Florida kont UCLA. Final la fikse pou Lendi 2 Avril toujou nan Atlanta.

Malgre Kobe Bryant pa make 50 pwen sa pa anpeche l ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa de justès 115 a 113 devan Golden State Warriors. Bryant make 43 pwen nan rankont la. Dallas Marvericks kapote Atlanta Hawks ak yon viktwa 104 a 97. Minnesota Timberwolves ranpòte yon viktwa de justès devan Portland Trail Blazers 94 a 93. New Orleans Hornets pilonnen Houston Rockets 106 a 94. Chikago Bulls, Sacramento Kings, Detroit Pistons, Denver Nuggets ak San Antonio Spurs ranpòte la viktwa.

Football

Responsab yo chanje fòma koup du mond Club yo pou ajoute yon match de baraj ant chanpyon Oseyani an ak chanpyon Japonè a-ak venkè kap kalifye pou konpetisyon entèkontinantal la. Rezon an se pou ankouraje enterès publik Japonè a

Nan match amikal entènasyonal Meksik kale Paragwe 2 a 1 nan kad yon match amikal ki dewoule yè Dimanch la nan Monterrey. Ayiti suprann Panama ak yon swif 3 a 0 nan Miami Kolonbi kale la Swis 3 a 1 toujou nan Miami. Swis yo te deja kale Jamayik 2 a 0 nan Fort Lauderdale Vandredi. Kosta Rika danse sou Nouvèl Zeland 4 a 0. Honduras kale Salvador 2 a 0. Gwadeloup fè match nul 2 a 2 ak Trinidad and Tobago. Venezuela tronse Kuba 3 a 1. La Barbad fè match nul 0 a 0 ak Gwatemala. Kanada tronse Bermud 3 a 0. Footbalè brezilyen Romario make 99 vièm gòl nan karyè l-swa yon gòl an mwens kantite footbalè lejandè brezilyen Pele te make nan karyè l.

Landon Donovan make 3 gòl nan viktwa 3 a1 Etazuni ranpòte devan Ekwatè nan Tampa Florid. Etazuni ap rankontre ak Gwatemala nan Dallas pandan ke Ayiti ap rankontre ak seleksyon kadè ameriken an nan Miami.

Balon te woule sou kontinan Eropeyen an Samdi nan okazyon match kalifikatif Ero 2008 la. La Frans rache yon viktwa nan men Lituani gras ak yon gòl Anelka make. Franse yo pataje group premyè plas la ak Ekòs ak 12 pwen. Almay suprann Republik Tchèk ak yon viktwa 2 a 1. Antrenè seleksyon Alman an Joachim Loew retire 8 jwè pami yo kapitèn Michael Ballack, nan okazyon match amikal kont Danmak Mèkredi.

Angletè nan pwoblèm apre match nul 1 a 1 yo fè nan Tel Aviv. Sa vle di Angle yo oblije kale Andor Mèkredi si yo vle konsève chans pou yo kalifye pou faz final la. La Rusi gen 3 pwen devan Angle yo apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Estoni. Kwasi kale Masedwan 2 a 1. La Turki woule la Grès 4 a 1. Grèk yo espre fè renmèt menm pèfòmans la lè yap rankontr ak Malt Mèkredi. Bosni tonbe devan la Norvèj 2 a 1.

Nan group G a la Oland konsede yon match nul 0 a 0 kont Woumani. Nul ki lage antrenè Van Basten nan yon move pozisyon lè yap rankontre Mèkredi ak Sloveni. Van Basten kapab fè 3 chanjman pou pipiti nan okazyon an. Sèbi fè yon fo pa apre li tonbe devan Kazakstan-yon defèt ki favorize Pòtugal apre li danse sou Bèljik 4 a 0. La Polòy kan-kan-nen Azerbaijan 5 a 0.

Espay relanse l nan eliminatwa a apre viktwa 2 a 1 yo ranpòte devan Danmak. Espayòl te subi 2 defèt pandan 3 rankont. Espay yo espere rete sou menm lanse a lè yap rankontre ak Island. Federasyon football Tchèk frape seleksyon yon amand plus pase 35 mil dola apre yo te selebre anivèsè youn pami jwè seleksyon an. Jwè yo make anivèsè konpayèl yo apre seleksyon an subi yon defèt 2 a 1 kont Almay. Tchèk klase an 2 zièm pozisyon dèyè Almay ak 10 pwen-swa 3 pwen diferans.

Aljeri nan tèt group 8 la apre viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Cap Vert Samdi. Alman Berti Vogts ranpòte premye viktwa l nan tèt seleksyon Nijerya a gras ak yon gòl Nwankwo Kanu make nan fen tan reglemantè a. Senegal wouze Tanzani 4 a 0.

Antrenè seleksyon Afrik du Sud la Brezilyen Carlos Alberto Parreira santi li soulaje apre viktwa 3 a 0 Afrik du Sud ranpòte devan Chad Samdi nan Djamena nan okazyon elimintwa koup dAfrik la.Chanpyon sòtan Afrik la Ejipt toujou rete nan tèt 2 eliminatwa koup dAfrik dè Nasyon an apre rakle yo pase Mauritani 3 a 0 yè swa nan vil Kèr. Angola devore Eritree 6 a 0.

Kenya selebre retou l sou sè n entènasyonal la ak yon viktwa 2 a 0 yo ranpòte devan Swaziland. Zimbabwe fè match nul 1 a 1 kont Maròk nan group 12 la. Kot Divwa danse sou Madagaskar 3 a 0. Angolè yo bezwen 4 pwen nan 3 pwochen rankont yo gen pou jwe apre yo ranpòte 3 premye rankont yo. Kot Divwa a toujou sou wout pou l kalifye pou faz final la kap dewoule O Gana.

Federasyon football Togolèz la ekspulse nan seleksyon an kapitèn seleksyon an Emmanuel Adebayor, kap jwe nan Arsenal, Kader Cougbadja, kap jwe nan Jazira an Arabi Sawoudit epi Nibombe Dare kap jwe nan yon klub 2 zièm divizyon bèlj pou move konpòtman yo sou kesyon bonus. Togo te kale Sierra Leone 3 a 1 pou l pran tèt klasman grup la. Adebayor, ki make 2 gòl nan viktwa ekip la, di jwè ki ke menase pou boycote match koup du mond football Almay 2006 la, poko resevwa bonus yo juska prezan.

Tennis

Rus Maria Sharapova kapote ameriken Venus Williams nan tounwa tenis Miami ak 3 kout rakèt 2-6, 6-2, 7-5. Bèlj Justine Henin remonte yon defisi pou l kale franse Virgini Razzano 6-2, 2-6, 7-6. Kim Clijsters pat rankontre difikilte pou l kale Ostralyen Samantha Stosr 6-4, 6-2. Chanpyon sòtan an Svetlana Kuznetsova elimine Kwat Jelena Kostanic Tosic 6-4, 6-2. Bò kote mesye yo ameriken Andy Roddick voye al bwa chat franse Gilles Simon 6-4, 6-4 pou l al rankontre espayòl David Ferrer ki elimine chilyen Fernando Gonzales 6-3, 7-6.

XS
SM
MD
LG