Accessibility links

Breaking News

Afrik du Sud Kòmanse Konstruksyon yon Stad pou Koup du Mond la


Football

Komite òganizatè koup du mond Afrik du Sud 2010 kòmanse konstruksyon stad football kote youn pami semi final yo pral dewoule nan Cape Town. Responsab FIFA yo bay peyi a juska Oktòb 2009 pou konplete stad la kap gen yon kapasite 68 mil syèj. Konstruksyon stad la kapab koute anviwon 392 milyon dola ak yon lòt milya dola pou amelyore enfrastruktu yo. Match douvètu a ak final la ap dewoule nan Joannesburg. Lòt semi la pral dewoule nan Durban. Responsab yo seleksyone 8 vil pou akeyi koup du mond la.

Nouvèl ki publiye nan jounal espayòl fè konnen responsab Real Madrid yo manifeste entansyon pou yo peye plis pase 80 milyon dola transfè pou Pòtugè Cristiano Ronaldo kite Manchester United-yon sòm ki reprezante yon rekò--Rekò aktyèl la se lè Real Madrid te peye Juventus de Turen plis pase 75 milyon dola pou sèvis franse Zinedine Zidane. Kontra Cristiano Ronaldo, ki gen 22 zan, ap fini ak Manchester United an 2010.

Responsab football FIFA reponn pozitivman ak demand Unyon Foutbòl Ewopeyuen-an pou-l adopte sanksyon 7 mwa Unyon Football Eropeyen te pran kont defansè Valans-al David Navarro pou patisipasyon nan yon deblozaj pandan yon rankont Lig chanpyon Eropeyen an ki mete fas-pou-fas . FIFA kore desizyon an ki suspann Navarro nan tout konpetisyon nasyonal, rejyonal e entènasyonal.

Basektball

Carmelo Anthony make 30 pwen pou ede Denver Nuggets ranpòte yon viktwa tou mens 94 a 90 kont New Jersey. Allen Iverson kore viktwa a ak 20 pwen. Viktwa pou Charlotte Bobcats 108 a 100 sou Cleveland Cavaliers. Philadelphia 76ers tonbe devan Detroit Pistons 96 a 75. Washington Wizards fè bèk atè devan Portland Trail Blazers 100 a 98. Dallas Marvericks, New Orleans, Los Anjeles Clippers, Utah Jazz, Houston Rockets ak Phoenix Suns yo tout ranpòte la viktwa.

Cyclisme / WADA

Ajans Anti Dopaj Mondyal la mande pou kontinye ankèt kap men-nen kont 58 siklis entènasyonal ki anba akuzasyon dopaj. Demand sa a fèt apre yon juj espayòl te rejte dosye a akoz dapre li aktivite siklis yo pat vyole lwa sou dopaj ki te ekziste nan periòd la.

XS
SM
MD
LG