Accessibility links

Breaking News

Lajistis Kondane Plis Kidnapè Nan Pòtoprens: Gwoup Dwa Moun Reyaji


Responsab yon gwoup dwa mounnan peyi d Ayiti fè konpliman pou fason lajistis peyi a ap fonksyone, apre kondanasyon 4 nèg yo te akize kòm kidnapè. Korespondan nou Renan Toussaint di nou otorite lajistis yo anonse kondanasyon sa yo apre lapolis te arete yon chèf gang.

Yon gwo responsab nan Òganizasyon Eta Ameriken (OEA) mete fen nan yon vizit li t'ap fè ann Ayti kote li chante lwanj fòs de lòd yo. Korespondan nou Rotchild Francois Jr. gen detay.

Lidè Katolik ki soti nan Karayib la e lòt kote sou kontinan ameriken an, twouve yo nan sid Ayiti --pi presizeman nan vil Okay-- kote y'ap patisipe nan yon konferans. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar ap di nou plis.

48èm reyinyon ki fèt chak ane pou gouvènè Bank Entè-Amerikèn Developman an ap rapousib nan Guatemala kote patisipan yo santre sou amelyorasyon nivo ekonomik e sosyal peyi ki nan Amerik Latin ak Karayib la. Yon repotaj Jn-Pierre Leroy.

Nou ka koute tout nouvèl sa yo an detay si nou fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG