Accessibility links

Breaking News

16 Ekip Kalifye pou Faz Ladoudous la


Basketball

Etap ki rele faz la doudous nan tounwa basketball univèsite ak prezans 16 ekip konplete yè Dimanch la. Chanpyon sòtan an Florida kale Purdue nan rejyon Midwès la. Nan zòn la Kansa pat rankontre difikilte pou l elimine Kenturky 88 a 76. Ohio State kalifye pou zòn Sud la epi North Carolina kalifye pou rejyon Est la. Semi final nasyonal la fikse pou 31 Mas epi final ap jwe 2 Avril nan Atlanta Jorji.

Dallas Mavericks te fè anpil efò avan li kale Detroit Pistons 92 a 88 nan yon rankont ki te mete fas fas lidè 2 konferans yo. Dallas ki gen yon palmarès 54 viktwa ak 11 defèt nan konferans de Lwès la pandan Detroit gen 42 viktwa 23 defèt nan konferans de Lès la. Nan lòt rankont Kobe Bryant make tounen premye jwè Los Anjeles Lakers pandan 44 sezon ki make 50 pwen nan viktwa ekip la ranpòte devan Minnesota Timberwolves 109 a 102. Bryant make 50 pwen pou pipiti youn dèyè lòt yè Dimanch la apre li te make 65 pwen Samdi kont Portland. Miami Heat tonbe devan Orlando Majik 97 a 83. New York Knicks danse sou Toronto Raptors 92 a 74. New Jersey Nets te fè yon efò dènye minit pou l kale Los Anjeles Clippers 101 a 95. Houston Rockets pilon-nen Philadelphia 76ers 124 a 74. Portland Trail Blazers fè bèk atè devan Seattle Supersonics 95 a 77.

Tennis

Espayòl Rafael Nadal woule ak kout rakèt Sèb Novak Djokovic 6-2, 7-5 pou l ranpòte tounwa tenis Indian Wells la ki tap dewoule nan Kalifòni. Slovak Daniela Hantuchova kale Rus Svetlana Kuznetsova ak 2 kout rakèt 6-3, 6-4 pou l ranpòte kategori meda m yo.

Swis Roger Federer toujou nan tèt klasman teknik ATP a ak yon total 3000 pwen devan espayòl Rafael Nadal. Ameriken Andy Roddick, Rus Nikolay Davydenko ak chilyen Fernando Gonzalez konplete lis 5 meyè jwè mondyal yo. Bò kote meda m yo Bèlj Justine Henin klase numewo 1 devan Rus Maria Sharapova, Svetlana, franse Amelie Mauresmo ak Kim Clijsters klase kòm 5 premye jwè tenis sou tè a. Serena Williams ki klase 18 tièm se premye ameriken pami 20 premye jwè mondyal yo.

Franse Amelie Mauresmo anonse li pap patisipe nan tounwa tenis Miami Florid la apre li sot subi yon operasyon.

Atletisme

Kourè Kenyan Robert Kipchumba ranpòte semi maraton ki tap dewoule nan Lisbon an Portugal. Msye fini kous la devan konpatriòt li Robert Cheruiyot ak Maroken Jaouad Gharib. Bò kote meda m yo Kenyan Rita Jepto kouvri kous la an 1nhè devan Susan Chepkemey ak Salina Kosgei. 36 mil atlèt te patisipe nan semi maraton an. CN-75 ROME MARATHON Nan vil Wòm an Itali Aljeryen Souad Ait Salem bat rekò nan maraton an ke li kouvri an 2 zhè-25 minit-8 sekond. Kenyan Elias Chelimo ranpòte kategori maskulen an devan espayòl Jose Manuel Martinez ak Kenyan Johnatan Kiporkoi Kosgei.

Najè chinwa yo briye nan faz preliminè chanpyona mondyal natasyon an kap dewoule nan Melbourne an Ostrali.

Football

Footbalè brezilyen Ronaldo ak franse Zinedine Zidane ap nan tèt 2 seleksyon football kap rankontre nan kad yon match amikal lut kont la povrete mondyal. Rankont la ap dewoule nan vil Marseille aswè a. La Frans ap pare pou l rankontre ak Lituani nan kad match kalifikatif Ero 2008 la. Franse yo pral jwe rankont la san sèvis Thierry Henry, Frank Ribery ak Patrick Vieira.

XS
SM
MD
LG