Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Arestasyon Lidè Gang Evans Nan Depatman Sid


Yon chèf gang ki repite pou zak brital li sanble konn komèt sou viktim kidnapping yo nan zòn Site Solèy finalman tonbe anba men otorite yo nan peyi d Ayiti.

Lapolis nan vil Okay, nan Depatman Sid la, anonse arestasyon Evans Jeune madi 13 mas la. Yo fè konnen msye te kache sou yon fo non lakay moun li di ki se fanmi li. San pèdi tan, yo te transfere lidè gang nan Pòtoprens kote ajan L'ONU ak Polis Nasyonal la ap entèwoje l, dapre korespondan nou Jn-Hernst Eliscar.

Non Evans sa a site kòm yon bandi ki t'ap simen latèrè nan Pòtoprens e ki te rive chape poul li ak gwo zam nan men l' pandan operasyon sere-boulon MINUSTAH ak Polis la sot' mennen nan Site Solèy mwa pase a.

Yon lòt kote, nimewo 2 MINUSTAH a, Joël Boutroue pase nan Depatman Grandans la kote li afime ankò nesesite pou kominote entènasyonal la rete ann Ayiti pou garanti sekirite ak asistans imanitè. Korespondan nou Luckner Laguerre gen detay nouvèl sa a.

Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute repòtaj sa yo.

XS
SM
MD
LG