Accessibility links

Breaking News

Arjantin Kapote Itali nan Klasman FIFA a


Football

Arjantin klase numewo 1 pou la premyè fwa nan klasman jeneral FIFA a apre yo kapote Itali. Brezil klase 2 zièm, la Frans, Almay, Angletè, La Oland, Portugal, Republik Tchèk, Espay konplete lis 10 premye ekip mondyal yo. Nan KONKAKAF la Meksik klase 21 nièm, Etazuni klase 30 tièm nan Karayib la nou jwen. Nan Karayib la Kuba klase 59 vièm, Jamayik okipe 61 nièm plas la. Ayiti klase 88 tièm mondyal ak 361 pwen.

Klub franse Lens ap rankontre ak klub Alman Bayer Leverkussen ak posibilite pou l jwen yon plas nan kar de final koup UEFA a.

Plis pase 74 mil fanatik asiste viktwa 4 a 3 Manchester United ranpòte devan seleksyon entènasyonal Eropeyen an nan kad aktivite pou make 50 tièm anivèsè siyatu Trete Unyon Eròp la.

Basketball

San Antonio Spurs ranpòte 13 zièm viktwa afile l nan konferans de Lwès la apre li toupizi Los Anjeles Clippers 93 a 84. Miami Heat remonte yon defisi 17 pwen pou l kale Utah Jazz 88 a 86. Lòt venkè yè swa se Cleveland Cavaliers, Atlanta Hawks, New Jersey Nets, Minnesota Timberwolves, Denver Nuggets, Chikago Bulls ak Detroit Pistons.

Michael Jordan ki gen yon pati aksyon nan ekip basketball Charlotte Bobcats anonse Bernie Bickerstaff pat retounen kòm antrenè ekip la pwochen sezon an. Ak yon palmarès 23 viktwa-41 defèt Bobcats trouve l nan dènye pozisyon nan divizyon Sudès la.

Tennis

Rus Maria Sharapova elimine nan tounwa tenis INdian Wells la nan Kalifòni fas a konpatriòt li Vera Zvonareva 4-6, 7-5, 6-1. Chinwa Li Na elimine Sèb Jelena Jankovic 6-3, 7-6. Izralyèn Shahar Peer te fè anpil efò pou l kale Rus Anna Chakvetdze 6-4, 7-6. Pami mesye yo Espayòl Rafael Nadal pase konpatriòt li Juan Carlos Ferrero 2 kout rakèt 6-1, 6-1. Arjanten Juan Ignacio Chela woule ameriken Michael Russell 6-4, 6-4. Kwat Ivan Ljubicic bay arjanten David Nalbandian yon move kanè 2-6, 6-4, 6-2.

XS
SM
MD
LG