Accessibility links

Breaking News

Manchester United ap Akeyi yon Seleksyon Eropeyen


Football

Klub Angle Manchester United ap akeyi aswè a yon seleksyon vedèt football entènasyonal nan kad aktivite pou make 50 tan trete Rom nan-akt ki fonde Unyon Eropeyen an le 25 Mars 1957. Resèt match la pral jwen fondasyon Manchester United-yon èv charite ekip football posede e ki ede plis pase 1 milyon moun. Ronaldinho, Ronaldo ak Juninho se sèl 3 jwè brezilyen kap fè pati seleksyon entènasyonal Eropeyen an. Franse Zinedine Zidane pa reponn envitasyon pou l te patisipe nan rankont la.

Seleksyon feminen ameriken an ap Danmak ap rankontre nan final koup Algarve la kap dewoule nan Portugal. Etazuni rive nan final la apre swif 3 a 2 yo pase la Grès yè Lendi a. Danwa yo kalifye sou gòl diferans devan la Norvèj apre yo pèdu 3 a 0 devan Almay.

Etazuni ap rankontre ak la chin e Brezil nan 2 match amikal chofe jarèt avan yo mete tèt pou la Chin kote koup du mond football feminen an pral dewoule. Federasyon Football Ameriken anonse Etazuni ap jwe kont la Chin le 16 Jwen epi Brezil 23 Jwen nan East Rutherford nan New Jersey. Ameriken yo gen lòt rande vou kont Meksik 14 Avril nan Foxboro Massachussetts epi nan Kanada la Frisco Tekzas 12 Me. An plis de rankont sa yo Etazuni gen lòt match amikal 14 e 28 Juyè epi 12 ak 25 Out. Koup du mond la ap jwe soti 10 pou fini 30 Septanb an Chin.

Basketball

Mikael Pietrus make 20 pwen pou ede Golden State Warriors kale Dallas Mavericks 117 a 110--viktwa ki mete fen nan 17 viktwa afile Marvericks yo sot ranpòte. Nan Phoenix Arizona Phoenix Suns woule Houston Rockets 103 a 82 gras ak 32 pwen Leandro Barbosa make. Nan Charlotte, North Carolina Derek Anderson make 20 pwen e fè 10 pas ki make pwen pou ede Bobcats yo mete fen nan 8 defèt afile an mèm tan kale Orlando Majik 119 a 108. Nan Memphis Tennessee Vince Carter make 30 pwen nan viktwa 113 a 102 New Jersey Nets ranpòte devan Memphis Grizzlies-viktwa a mete fen nan 5 defèt afile New Jersey sot subi. Nan Milwaukee, Wisconsin Chris Bosh make 25 pwen nan viktwa 108 a 93 Toronto Raptors ranpòte devan Milwaukee Bucks.

Responsab yo nan New York Knicks anonse yo pwolonje kontra prezidan/ antrenè ekip la Isiah Thomas. Anons la fèt 9 mwa apre Thomas te resevwa yon avètisman ekip la dwe amelyore nan espas yon lane sinon yo tap revoke l. Ak 29 viktwa 34 defèt New York Knicks okipe 8 tièm e dènye plas kalifikatif faz final nan Konferans de Lès la-

Tennis

Arjanten David Nalbadian kalifye pou 4 trièm tou tounwa tenis Indian Wells la kap dewoule nan Kalifòni apre yo kale franse Paul-Henry Mathieu 6-7, 6-2, 6-0 yè Lendi a. Nalbadian pral rankontre ak Kwat Ivan Ljubicic ki elimine swedwa Thomas Johansson 6-1, 6-4. Adolesan Britanik woule frane Nicolas Mahut ak kout rakèt 6-1, 6-3. Franse Richard Gasquet te fè anpil efò avan li kale Finlandè Jarkko Nieminen 6-3, 1-6, 6-3. Sèb Novak Djokovic pase rus Evgeny Korolev 2 kout rakèt 6-2, 6-1. Bò kote meda m yo Tchèk Nicole Vaidisova kale pou pwochen tou tounwa a apre ameriken Ahsha Rolle abandone rankont la nan 2 zièm manch la 6-3, 4-1. Franse Marion Bartoli danse sou rus Dinara Safina 6-4, 6-3.

Boxe

Boksè Johnny Tapia ki se chanpyon du mond 5 fwa, trouve nan yon eta grav nan sa la polis konsidere yon overdose kokayin. Tapia mete fen nan karyè l ak yon palmarès 56 viktwa--5 defèt-2 nul.

XS
SM
MD
LG