Accessibility links

Breaking News

MINUSTAH Felisite Popilasyon Sivil la Pou Siksè Operasyon Kont Bandi Ame yo


Nan peyi d Ayiti: Fòs Mentyen Lapè l’ONU an (MINUSTAH) kontinye seri operasyon l'ap mennen nan bidonvil yo (sitou nan Site Solèy) pou l desitire gwoup ame ki responsab fenomèn ensekirite a nan kapital la, Pòtoprens. Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou pòt-pawòl MINUSTAH fè konnen, si aksyon Fòs l’ONU yo reyisi, se gras ak enfòmasyon popilasyon an.

Nan nò Ayiti, responsab yo regrèt kondisyon ki lakòz ayisyen kontinye riske vi yo sou lanmè pou yo kite peyi yo --yon aksyon ki konn debouche sou lanmò, jan sa te rive sa pa gen lontan lè yon bato --ki t'ap transpòte yon gwoup ayisyen-- te pran dife e koze plizyè dizèn nan pasaje yo peri. Sou dosye sa a, nou gen yon repòtaj Yvan Martin Jasmin.

Nan Gonayiv, resposab lopital lokal la (La Providence) byen apresye jès yon gwoup aysiyen kap viv aletranje, ki ede sant sa a jwenn kèk ekipman li te byen bezwen. Korespondan nou Alfred Jean di nou bèl jès sa a se rezilta demach yon reprezantan Depatman Latibonit la nan Palman ayisyen an.

Pou w ka koute nouvèl sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG