Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Lajistis Kondane 2 Kidnapè Pou yo Pase Rès Lavi yo Nan Prizon


Yon tribinal pwononse vèdik li nan pwosè lajistis peyi Dayiti tap fè kont 2 akize-kidnapè. Lajistis jwenn Stanley Jean-Louis ak Coulanges Ronald koupab pou zak anlèvman otorite ayisyen yo repwoche mesye yo. E tribinal la kondane yo pou yo pase rès vi yo nan prizon. Desizyon jistis sa a tonbe nan moman zak kidnaping yo-ki te fè yon bese pandan 2 premye mwa ane 2006 la, fòse fòs Ministah yo (Misyon Estabilizasyon Ayiti a) pase yon vitès siperyè depi vè fen mwa fevriye a nan Site Solèy pou kontre fenomèn sa kap sakaje bil fanmi ayisyèn yo.

Korespondan nou Rotchild François Jr. di nou gwoup kap defann dwa moun yo eksprime satisfaksyon pou santans akize yo resevwa a.

Fè "klik" sou ralonj anlè atik la pou n' koute repòtaj Rotchild la.

XS
SM
MD
LG