Accessibility links

Breaking News

Swis Roger Federer Egalize Rekò Jimmy Connors te Bat nan Ane 70 yo


Tennis

Swis Roger Federer egalize rekò jwè tenis ameriken Jimmy Connors te bat pandan 160 semen konsekutif kòm numewo 1 mondyal. Federer kenbe tèt ploton an depi 2 Fevriye 2004, kapab menm bat rekò a semen pwochèn nan akoz kantite pwen ki separe ak espayòl Rafael Nadal swa 8 mil 120 pwen kont 4 mil 700.Connors, ki se aktuèl antrenè Andy Roddick, te numewo 1 mondyal soti Juyè 1974 a Out 1977. Federer ki pa patisipe nan yon tounwa tenis depi 28 janvye, ap retounen sou teren nan tounwa tenis Dubai la semen pwochèn nan.

Arjanten Guillermo Canas supran espayòl Juan Ferrero ak yon viktwa 7-6, 6-2 e ranpòte tounwa tenis Open Brezil la. Franse Gilles Simon kale chipriòt Marcos Baghdatis pou l ranpòte tounwa tenis Marseille la 6-4, 7-6 e premye tit nan karyè l. Franse Amelie Mauresmo surpann bèlj Kim Clijsters 6-4, 7-6 pou l ranpòte tounwa tenis Anvers la.

Football

Footballè Brezilyen Ronaldo make 2 gòl plis yon pas ki make gòl nan viktwa de justès 4 a 3 Milan AC ranpòte devan Sienne nan okazyon 24 trièm jounen chanpyona football Italyen an. Gòl ki fè antrenè Anceloti kontan. Malerezman Ronaldo pap kapab jwe rankont Milan AC a kont Celtic Glasgow nan 8 tièm de final ale Lig dè chanpyon Eropeyen an akoz li deja nan Real Madrid. Nan 2 zièm divizyon Juventus de Turen woule klub Cotonne 5 a 0 pou l rete nan tèt group la ak 43 pwen.

Klub football angle Chelsea anonse li fè yon defisi plis pase 120 milyon dola pou sezon 2005 / 2006 la.

La chin kale Ostrali 2 a 0 pandan ke Jamayik kale Hong Kong 5 a 3 sou tir de penalite apre tan reglemantè a te fini 1 a 1 pou kalifye pou final tounwa football Koup Nouvèl Lun nan kap dewoule nan Ong Kong.

Klub football Ejipsyen Al-Alhly ranpòte pou yon 2 zièm fwa tit Super Coup Afriken an gras yon viktwa yo ranpòte sou tir de penalite devan klub Tunizyen Etoile de Sahel. Rezulta final la se 5 a 4. Super Coup la mete fas a fas chanpyon Lig football Afriken an ak chanpyon Konfederasyon Afriken an.

Basketball

Kobe Bryant make 31 pwen pou ede pibon pami pibon jwè baskèt konferans de Lwès la ranpòte yon viktwa 153 a 132 sou pibon pami pibon vedèt konferans de Lès la nan Las Vegas Nevada. Lebron James make 28 pwen pou konferans de Lès la. Kobe Bryant ranpòte pou yon 2 zièm fwa pri meyè jwè nan rankont la. Sezon an rekòmanse demen Madi a.

Natation

Chanpyon Olenpik najè ameriken Michael Phelps bat pwòp rekò l nan konpetisyon naj papiyon ki nan tap dewoule nan Missouri.

Atletisme

Kourè Kenyan Daniel Njenga ranpòte maraton Tokyo a malgre lapli ak fredu. Msye fini kous la an 2 zhè--9 minit --45 sekond. Japonè Tomoyuki Sato fini an 2 zièm pozisyon devan konpatriòt li Satoshi Irifune. Anviwon 30 mil atlèt patisipe nan tounwa a.

XS
SM
MD
LG