Football
Unyon Football Eropeyen an otorize Inter de Milan ak Milan AC jwen match 8 tièm de final yo nan Stad San Siro a. Inter de Milan ak Milan AC ap kapab jwe rankont yo kont Valans ak Cetic. Otorite yo deside limite kantite moun kap vinn asiste rankont la a 36 mil. Otorite Italyen yo entèdi publik la vinn asiste rankont nan San Siro pou rezon sekurite.
Yon tribunal nan Brusèl an bèljik entèdi responsab football peyi a pran oken sanksyon kont footbalè yo toutotan la justis pa pwononse l sou yon dosye. Desizyon sa a kapab remèt an kesyon enstans disiplinè peyi a e menm kontinan Eropeyen an. Tribunal la di otorite yo pa kapab anpeche oken jwè travay akoz youn pami dwa fondamantal endividuèl. Yon mezu ki an kontradiksyon ak atik 6 konvansyon Eropeyen an.
Alman Lothar Matthaus di li kandida pou l antrene Bayern de Munik.
Klub Trinidadyen W Connection suprann klub Mekiken Chivas de Guadalajara ak yon viktwa 2 a 1 nan kad match kar de final ale chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak Vis Chanpyon. Match retou a fikse pou 28 Fevriye. Mèkredi pwochen D. C United ap rankontre Olempia epi Puntarenas kont Houston Dinamo.
Brezil ap rankontre ak Meksik nan premye tou Kopa Amerika a kap dewoule O Venezuela. Match Brezil kont Meksik la ap dewoule 27 Jwen. Nan group C a nou jwen Kolonbi, Paragwe, Arjantin ak Etazuni. Peru, Urugwe, Bolivi ak Venezuela trouve yo nan group A a. Etazuni ap jwe premye rankont li fas a Arjantin le 28 Jwen. Venezuela kont Bolivi 26 Jwen. Final la fikse pou 15 Juyè. Gen 12 peyi kap patisipe nan konpetisyon an.
Basketball
Finalman Boston Celtics ranpòte yon viktwa apre 18 defèt afile. Celtics kale Milwaukee Bucks 117 a 97. Gilbert Arenas make 22 pwen pou pèmèt Washington Wizards danse sou Philadelphia 76ers 92 a 85. San Antonio Spurs, Toronto Raptors, Orlando Majik, Minnesota, New Orleans, Utah, Golden State ak Atlanta yo tout ranpòte la viktwa yè swa.
Tennis
Britanik Andy Murray remonte yon defisi pou l kalifye nan kar de final tounwa tenis San Jose a gras ak 3 manch li pase Danwa Kristian Pless 6-0, 6-7, 6-4. Ameriken Mardy Fish pase Rus Teimuraz Gabashvili 2 kout rakèt 6-3, 6-2. Benjamin Becker woule Sèb Dusan Vemic 6-4, 3-6, 6-4. CN-005 WOMEN’S Bèlj Kim Klijters ranpòte yon viktwa devan Rus Olga Potchkova 6-0, 6-2 nan tounwa tenis Anvèr la.