Accessibility links

Breaking News

Operasyon Sekirite L'ONU an Nan Pòtoprens Gen Feblès...Dapre Yon Palmantè


Yon palmantè ayisyen kritike feblès ki ta genyen, daprè li, nan operasyon sòlda Nasyonzuni ap mennen nan kapital la Pòtoprens . Korespondan nou Rotchild François Jr. ap di nou plis.

Seksyon dwazimen Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti a kòmanse yon seri de rankont brase lide ak jij yo nan vil Kapayisyen. Detay avèk Yvan Martin Jasmin.

Nouvèl ki soti nan Gonayiv fè konnen yon responsab lajistis mande konkou fòs de lòd yo apre bandi ame atake l nan rezidans li, dapre yon korespondans Alfred Jean.

Komisyon Verifikasyon Elektoral la eksprime kè sote l devan rimè kap kouri kòmkwa kèk manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a ta resevwa lajan anba tab pou yo anile yon eleksyon yo nan kèk lokalite. Yon korespondans Jean Ernst Eliscar depi vil Okay.

Gouvènman lokal yo kòmanse prete sèman tou nan kèk zòn Jn-Christophe Collègue gen detay depi Mibalè.

Pou w ka koute tout repòtaj yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG