Accessibility links

Breaking News

Otorite yo an Afrik du Sud Menase pou Arete Antrenè Seleksyon an


Football

An Afrik du Sud otorite yo nan Ministè enteryè avèti antrenè seleksyon an Brezilyen Carlos Alberto Parreira yo kapab arete l si l prezante sou teren an san pèmi-travay. Menm nòt antrenè a pa kapab pran devan yon ekran televizyon alewè si l ta monte teren an. Responsab federasyon football peyi a di yap travay pou regularize situasyon antrenè a.

An palan de Real Madrid mitan klub la David Beckham eksprime satisfaksyonn apre li retounen nan fòmanse klub la e make yon gòl nan viktwa 2 a 1 Real Madrid ranpòte devan Real Sociedad--rejwisans apre antrenè Capello te ba l yon bwa long kenbe pandan1 mwa apre desizyon Beckham te pran pou l siyen yon kontre ak Los Anjeles Galaksi isit Ozetazuni.

El Salvador, Gwatemala ak Kosta Rika kalifye pou Koup Dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazuni nan mitan ane a. Kalifye sa yo plis 2 lòt pou Amerik Santral la pral rejwen reprezantan Karayib la( Ayiti, Trinidad and Tobago, Kuba ak Gwadeloup) an plis de Meksik ak Etazuni.

Footbalè brezilyen Ronaldhino eksploze yè swa an Espay apre li make 2 gòl kont Santander. Pèson poko konnen rezon ki fè footbalè Kamerounè Samuel Eto’o pat vle antre nan match la lè antrenè olandè Frank Rijkaard te deside antre l nan match la. FC Barselòn toujou nan tèt klasman jeneral la ak 46 pwen devan FC Seville ak Real Madrid. Ronaldhino retounen apre 4 mwa absans pou blesu. An Itali footballè Brezilyen Ronaldo kòmanse jwe pou Milan AC--antrenè Ancelotti ki te antre Ronaldo nan 2 zièm mitan an fè konnen Ronaldo dwe amelyore pèfòmans fizik li. Milan kale Livourne 2 a 1.

Otorite Britanik yo anonse plan pou kore kandidatu peyi a pou l òganize koup du mond Football la an 2018. Responsab yo pare pou fè anons la apre je zolenpik yo an 2012. FIFA poko anonse ki kontinan kap òganize koup du Mond FIFA a an 2018. Responsab yo fè konnen yo gen 6 stad ki deja satisfè kondisyon FIFA yo. Si n konsidere prensip rotasyon FIFA a. Koup du mond la dewoule sou kontinan Afriken an 2010, Amerik du Sud an 2014 e pwobableman an Eròp an 2018.

Basketball

Ricky Davis make yon panye kèk sekond avan fen tan reglemantè a pou pèmèt Minnesota Timberwolves ranpòte yon viktwa de justès devan Boston Celtics 109 a 107. Boston Celtics subi 18 tièm defèt afile l ak pi move pèfòmans nan NBAa ak 12 viktwa 38 defèt. Chanpyon an tit la Miami Heat tonbe devan San Antonio Spurs 100 a 85. Cleveland Cavaliers remonte yon defisi pou l kale Los Anjeles Lakers 99 a 90 malgre Kobe Bryant make 36 pwen pou Lakers yo. Washington Wizards tonbe devan Portland Trai Blazers 94 a 73.

Tennis

Etazuni, Espay, Almay, la Frans, la Swèd, Arjantin, Beljik ak la Rusi yo tout kalifye pou kar de final koup Davis la apre dènye rankont ki jwe yè Dimanch la. Nan kar de final la ki fikse pou Avril Etazuhi ap rankontre ak Espay nan Karolin du Nò.La frans kont la Rusi

Rus Nadia Petrova remonte yon defisi pou l kale chèk Lucie Safarova 4-6, 6-1, 6-4 pou l ranpòte tounwa tenis Gaz de Frans la ki tap dewoule nan vil Pari.

Olempik/ US

Responsab Olenpik ameriken yo anonse ekip Olenpik Ameriken an pral antrene nan yon sant ki an deyò kapital Chinwa a Peken nan okazyon Je Zolenpik 2008 yo.. Responsab ameriken yo fè konnen yo jwen yon antant ak Univèsite Normal Peken pou sant la sèvi kòm kan dantrenman ak katye jeneral komite Olenpil la. Je zolempik la ap demare 8 pou l fini 24 Out 2008. Patisipan yo ap ebèje nan Vilaj Olempik la. Komite Olempik Ameriken an anonse tou pou yo gen yon lòt enstalasyon nan sant Peken.

XS
SM
MD
LG