Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Sou Dosye Nikleyè Kore di Nò a Bloke


Peyi Lachin pran desizyon pou li fèmen chita-tande sou dosye nikleyè nò-koreyen an pa pita ke lendi 12 fevriye a e delege k'ap patisipe nan rankont yo depi kèk jou nan peken deklare yo antre nan yon enpas e pa sanble pral gen pwogrè akòz sa Japon rele egzijans depase limit ke Kore di Nò ap fè.

Chèf delegasyon Etazini an, Assitan-Sekretè Deta Christopher Hill, fè konnen Kore di Nò pa montre ase angajman nan jèfò pou rezoud kesyon asistans li vle resevwa nan domèn enèji a.

Koute tout repòtaj la an detay...fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG